Luck Mervil - Senatè Lan Pèpè Songtexte

Songtexte Senatè Lan Pèpè - Luck Mervil




Map ba w ou lan boul figi w!
Yo te parèt de pye de men
Ayiti vin chèche la vi
Nou yo kwè gen yon demen
Jodi a se yo kap detwi n
Lan tout geto yo ban nou bal
Zam etranje tiye lokal
Pitit yo lekol a pari
Lekol pa nou pa ka louvri
Ki jan yo ta renmen nou
Si nou pa ka renmen tèt nou non
Yo makonen nou lan w sistèm
Pou nou detwi frè n ak n
Yo se pi bon zanmi lenmi n
Yo met avè l pou kenbe nou lan chenn
Yo pran kouran n, yo pran diri n
La dwan, ak wout, ak n ak n
Fanmi nou te mèt renmen yo
Yo pap janm remèt anyen! anyen!
Yatchte atis
Yatchte depite
Yatchte limena
Yatchte gouvènman
Ou jwen sa lan pèpè
Ou jwen sa lan pèpè
Ou jwen sa lan pèpè
Ou jwen sa lan pèpè
Yatchte minis
Yatchte la jistis
Yatchte a tou
Yatchte jounalis
Ou jwen sa lan pèpè
Ou jwen sa lan pèpè
Ou jwen sa lan pèpè
Ou jwen sa lan pèpè
Yo te parèt de pye de men
A lòs peyi yo pate bon
Nou yo kwè gen yon demen
Men ya p vòlè nou pa milyon
Ayiti cheri louvri je w
Pa rantre lan jwèt moun sa yo
Se nou ki pou sove peyi n
Ke yo tounen nan peyi yo
Ou vle bay lèd imanitè
Men w pa konn sa k imanite
Si ou te kon ede peyi
Ayiti ta yon paradi
Ou vle bay lèd imanitè non! non! non! non! non!
Pran maladi w kite m an
Si ou te kon ede peyi
Ayiti ta yon paradi
Fanmi nou te mèt renmen yo
Yo pap janm remèt anyen! anyen!
Yatchte atis
Yatchte depite
Yatchte limena
Yatchte gouvènman
Ou jwen sa lan pèpè
Ou jwen sa lan pèpè
Ou jwen sa lan pèpè
Ou jwen sa lan pèpè
Yatchte minis
Yatchte la jistis
Yatchte a tou
Yatchte jounalis
Ou jwen sa lan pèpè
Ou jwen sa lan pèpè
Ou jwen sa lan pèpè
Ou jwen sa lan pèpè
Pou ayiti peyi zansèt yo
Se pou n mache men nan la men
Nan mitan n pa fèt pou gen trèt non
Nou fèt pou nou sèl mèt tèt nou
An nou mache men nan la men
Pou ayiti ka vin pi bèl oh!
Ann nou, an nou, met tèt ansanm
Pou ayiti o non zansèt yo
Atis yo leve tèt nou
Pa kite yo achte nou
Depite, limena, limena depite louvri je nou
Senatè retire vit fimen an pou m ka ou
Se pou nou wa p travay
Sa se si wa p travay
Way! la jistis o!
Jij jije m byen
Pa jije m isi, pa jije m lòt bò, jije m la
Woy!
Jounalis pale byen
Pa pale tenten, pa pale a a, pale klè!



Autor(en): Luck Mervil



Attention! Feel free to leave feedback.