Nickenson Prud'homme - Bel Melody paroles de chanson

paroles de chanson Bel Melody - Nickenson Prud'homme



Dèfwa nan lavi ou konn rete'w panse
Yon opòtinite kapab rive pou tout bagay chanje
Se sa li ta dwe ye
Devan'w ka lavi a ap chanje
E poutan gen plis moun k'ape soufri
Daprè ou eske se sa ki lavi
Pasyon'm se jwe mizik jwenn yon refren
Ki pot linite pou fè'n avanse
Elimine tout baryè ki nan panse'n
Lemond chaje avèk bon sitwayen
Ki ta renmen byen pou sak bezwen
Avèk mizik na montre gen mwayen
Mwen jwenn yon bèl melodi ak yon bèl amoni
Na va monte yon bèl senfoni pou tout moun souri
Mwen jwenn yon bèl melodi ak yon bèl amoni
Na va monte yon bèl senfoni pou tout moun souri
Dèfwa nan lavi ou konn rete'w panse
Yon opòtinite kapab rive pou tout bagay chanje
Se sa li ta dwe ye
Oooo!!!
Devan'w ka lavi a ap chanje
E poutan se plis moun kape soufri
Daprè ou eske se sak lavi
Mwen jwenn yon bèl melodi ak yon bèl amoni
Na va monte yon bèl senfoni pou tout moun souri
Mwen jwenn yon bèl melodi ak yon bèl amoni
Na va monte yon bèl senfoni pou tout moun souri
The Fridge, you play man
Tadadap tapdadada tapdadada tapdadadaww!!!
Kou yon ti bebe k'ap kriye, fredone yon ti melodi pou li
Ou ka l'ap souri, tanperaman'l chanje
Pou yon nouvèl ane, yon anivèsè, nou toujou jwenn yon bèl melodi
Lanati gen plizyè sezon, pou chak moun gen yon chanson
Dener Ceide, sa w vle
Mwen jwenn yon bèl melodi ak yon bèl amoni
Na va monte yon bèl senfoni pou tout moun souri
Mwen jwenn yon bèl melodi ak yon bèl amoni
Na va monte yon bèl senfoni pou tout moun souri
Dèfwa nan lavi ou konn rete'w panse
Yon opòtinite kapab rive pou tout bagay chanje
Se sa li ta dwe ye
Devan'w ka lavi a ap chanje
E poutan gen plis moun k'ape soufri
Daprè ou eske se sa ki lavi
Mwen jwenn yon bèl melodi ak yon bèl amoni
Na va monte yon bèl senfoni pou tout moun souri
Mwen jwenn yon bèl melodi ak yon bèl amoni
Na va monte yon bèl senfoni pou tout moun souriii
Genre: Konpa
Album: Première Danse
Year: 2005
Featuring: Reginald Cangé
Lyrics by: Dener Ceide



Writer(s): Marc Lubin, Nickenson Prudhomme


Nickenson Prud'homme - Premiere Danse
Album Premiere Danse
date de sortie
15-03-2017




Attention! N'hésitez pas à laisser des commentaires.