Black Boy - Ki Melem текст песни

Текст песни Ki Melem - Black Boy




Moun isi, yo pap regle anyen
Chak jou leve, chita la pale moun mal
Yo neglijan, yo kon'n pa gentan pou benyen
fèzè kay moun, pandan lakay yo tou sal
Si ou tap bwate ou yo, ou mèt tou chita sou li
Li'k pral boto'w ale, menmsi avè'w lap souri
Pandan lavò'w, lap fout ou kout trèt
Li tande'w pral pati, sa gentan bal gro tèt
Pwoblèm nou, nou jalou
Nou pata vle yon lòt pase'l monte
Pwogrè nou, lwen de nou
Mtande'l rayi'm men kimele'm
Ki mele'm, ki mele'm, depi BonDye renmen'm sa'm te ba'w regle ou rayi'm
Ki mele'm, ki mele'm, depi Yawe renmen'm sa'm te ba'w regle ou rayi'm
Ou pa lajan veye'm, ou pa kòb antèman'm
Depi BonDye renmen'm sa'm te ba'w regle ou rayi'm
Ou pa tèt sèkèy mwen, ou pa plas kavo mwen
Depi Yawe renmen'm sa'm te ba'w regle ou rayi'm
Chita la pap anyen
Chita la ap foure dan'w nan bagay ki pa regadeeee'www
Chita la tripotay
Pandan fanmi'w nan grangou
Pale'm mal, sak pi byen pase'm
Ou manman'w panse olye li te genyen'w
Pito'l te gon vye lam, chak ane li ta donnen
Ou papa'w panse olye li te genyen'w
Pito'l te gon pye mango, lè'l donnen'l ta pran de grenn
Pito'l te gon pye bannann lè'l donnen li ta vann rejim yo
Pito'l dwe yon jaden yanm lè'l donnen li ta peye lekol piti yo
Defwa yon moun konn posede yon bagay
Ou pa konn kisa'l pou li genyen li
Se may li,
Se nan'm li
Se sa li pou kou e lap pase sou li
Se onè li
Se respè li
Ou rayi mwen pou talan'm men kimele'm




Black Boy - Ki Melem
Альбом Ki Melem
дата релиза
02-05-2017



Внимание! Не стесняйтесь оставлять отзывы.