Mandela - Pou ou текст песни

Текст песни Pou ou - Mandela



Alo, alo, alo ou tande'm
Dj a koman ou ye
Se premye fwa mwen rele
Ti chan sa mwen vle dedye'l
A yon moun ki espesyal
Se aktivite mwen li ye
Fanm sa se tout sa m'posede
Yo di'm cho'w la rive lwen
Mwen swete ke li ap koute'l
E si gen oditè ki konnen'l fè'l branche
Rele'l di'l gen chanson ki pral jwe, se pou li
M'swete, m'swete li danse
Lè'l tande mizik sa avèk melodi sa
M'swete, m'swete li danse
M'espere mizik sa rive sou li ak fòs
Li toujou konn ap di'm ke mwen gen anpil talan
Li di'm ke si'm travay m'ka pote anpil fwi
Li se fanatik nimero 1 li toujou ap sipote'm
Menm lajan pou'm peye studio, dèfwa se li ki konn ede'm
Sè'l bagay m'ap mande'l pou'l danse lè'l tande'l
Mwen konnen l'ap renmen mizik sa ak tout kè'l
M'swete, m'swete li danse
Lè'l tande mizik sa avèk melodi sa
M'swete, m'swete li danse
M'espere mizik sa rive sou li ak fòs
Solo
Zenglen lifetime guarantee
Solo
Solo
Tanpri jwe, tanpri jwe li pou mwen
Petèt li kapab kèk kote l'ape koute
Depi'l tande vwa'm l'ap konnen ki moun mwen ye
Tanpri jwe, tanpri jwe li pou mwen
Petèt li kapab kèk kote l'ape koute
Depi'l tande vwa'm l'ap konnen ki moun mwen ye
Petèt li kapab kèk kote l'ape koute
Depi'l tande vwa'm l'ap konnen ki moun mwen ye



Авторы: Jean François Mandela


Mandela - Vwa pam
Альбом Vwa pam
дата релиза
25-10-2018




Внимание! Не стесняйтесь оставлять отзывы.