Angèle - Mariaj Se Pa Yon Jwèt Lyrics

Lyrics Mariaj Se Pa Yon Jwèt - Angèle



Mariaj ke nou la
Se pa yon jwèt
Si nou move chwa
Li ka tounen yon kwa
Pran san nou tande
Konsilte Bondye
Mande li sajès
Disèneman
Mariaj ka bèl bagay
Si n renmen tout bon
si n kite lòt rezon
K lanmou foure n ladann
Petit à petit
Si Bondye pa di yon mo
Li ka kondwi nou
Nan yon tonbo
Mariaj se pa yon jwèt
Mariaj se bagay serye
Aprann sa lanmou ye
Konsilte Bondye
Pou n pa regrete
Renmen yon moun n deja marie
Se gwo doulè
Renmen yon moun ki gentan gen mèt
Se gwo traka
K konn fe mache tèt bese
Panse avan n aji
Pou malè sa yo
Pa rive nou
Lanmou se engredyen
Pou etenn di fe
Se pa yon bagay
Pyès moun dwe negosye
Pran tèt nou tande
Pou n pa mande Bondye
Ki sa nou te
N ape peye
Mariaj se pa yon jwèt
Mariaj se bagay serye
Aprann sa lanmou ye
Konsilte Bondye
Pou n pa regrete
Mariaj se pa yon jwèt
Mariaj se bagay serye
Aprann sa lanmou ye (aprann sa lanmou ye)
Konsilte Bondye (konsilte Bondye)
Pou n pa regrete
Mariaj se pa yon jwèt (se pa yon jwèt frè mwen)
Mariaj se bagay serye (Bagay serye)
Aprann sa lanmou ye (aprann sa lanmou ye)
Konsilte Bondye
Pou n pa regrete
Pou n pa regrete
Pou n pa regrete
Pou n pa regrete
Pou n pa regrete



Writer(s): Angele


Angèle - Si Mwen Vivan (If I Am Alive)
Album Si Mwen Vivan (If I Am Alive)
date of release
13-11-2008




Attention! Feel free to leave feedback.