Baky - Amen! Lyrics

Lyrics Amen! - Baky



Gras ou se sa ke map chache
Wi Limyè ou, wi klere'm pou'm avanse
Pranm anba zèl ou, kache'm kont mechanste
Netwaye tout peche'm mtande vwa ou
Oh Bondye (Bondyeee)
Mwen vin nan pye ou
M vle viv lavi mwen Selon Volonte ou
Pran menm pou'm swiv ou
Poum sèvis ou
Mwen vle'w gide'm nan chimen verite
Chak fwa lèzòm ta vle zonbifye'm
Ou lonje bra'w pouw pranm Menm nan flanm dife
L'Éternel est mon Berger,
Que ton regne vienne et que ton nom soit Sanctifié
M gen tout rezon'm map swiv ou si fyè
Ou'k kanpan fas lanmò ou kraze simityè(ou pran menm)
Ou banm yon micro kòm baton ou banm
Vwa poum pale epi'w di'm al konbat lisifè
Map avanse ou devanm dèyè'w, Baton an nan menm pa gen anyenm
Gran Kreyatè, Dieu de Moise,
Yo vle bare'm, men lè'm site non'w pa gen anyenm
Map kite Gras ak pouvwa'w desann sou
Mwen, benyen'm ak lespri'w pou prosperité
Fèm siksè nan lavi'm, e pou chak grenn Obstak vin tounen Opotinite
Amen!!



Writer(s): Lugendy Baptista Saintibert


Baky - Echec Et Mat
Album Echec Et Mat
date of release
30-05-2018




Attention! Feel free to leave feedback.