Michael Brun feat. Strong G, Baky & J Perry - Bayo Lyrics

Lyrics Bayo - J Perry , Baky , Michael Brun



Se sak fyète n fyè ke kwè n se black
Pou libète n te kanpe gade nou pa t bak
E chak jou nan vi nou gade n vle pran on lòt etap
On lòt eta, on lòt leta
1 n vle enpoze n sonje kiyès nou ye
2 n vle dekwoche e kase kòn ki mare n
3 santiman nou k ap gide nou
Nou kon kote n sòti e n gon kote nou vle ale tou.
Bayo, Bayo Bayo
Bayo, Bayo Bayo
Leve kanpe leve kanpe
An nou met vwa nou ansanm pou nou chante
w espere w espere
Yon jou kanmenm gade sa gen pou chanje
Chak vye moman nan lavi w kanpe rèd
Pa okipe sa k ap di ke nou se nèg
Kanpe rèd kou bwa mitan
Prè pou lit lan
Depi w te fèt w konnen byen w son militan
Chak moun gen on misyon
Wi w gon vizyon
Se met tèt an plas pou kapab pran bon desizyon
So mwen m ap kanpe
Ou ap kanpe
Li ap kanpe
Nou tout ap kanpe
Bayo, Bayo Bayo
Bayo, Bayo Bayo
Yow m soti Ayiti, sou sa'm fèt
Bleu et rouge la se de sa'm fyè
Oh yeah
Siw pa dako nou zafè
Jè'n yo avè'n nap yo fyè de sa'n
Nou ba yo limyè lè'n klere
(Ayiti)nou pral montre se pat sal te ye
So Chak son m, chak rimes, chak projet,
Chak muzik nap montre'w vrè fòs peyi'n nan chak sa'n kreye
N' ba yo rèv Pou lot nasyon ka ba yo glwa
(Sa'n fè)
Ansanm nou kanpe poun ba yo dwa yo
(Sa'n fè?)
Sak paka pale Nou ba yo vwa
Nou gon peyi poun sove sak vle bare'n nap ba yo Bwaaaa
Se pa gade selman gade pou gade
Fòk ou leve afè pou yo gade'w tou.




Michael Brun feat. Strong G, Baky & J Perry - Bayo
Album Bayo
date of release
16-02-2018

1 Bayo



Attention! Feel free to leave feedback.