T-Vice - Moving On Lyrics

Lyrics Moving On - T-Vice



M ap ekri w yon dènye mesaj
Mwen resevwa lèt ou jodi a
Avoka di m desizyon final
Nou pral divòse
Wi sa m mal ke lavi nou te pran lari
Yo pap konprann kijan sa detwi yon avni
Mizik fèt sou do m
Lasosyete te mèt ri
Men yo pa konprann kijan sa detwi yon fanmi
Ede m chante
M pat vle, m pat vle divòse
M pat vle, pou nou rekòmanse
Gade kijan lavi m chanje
Fanmi an ap separe
Timoun ape kriye
Rele Papa Bonyde o
Sikonstans nou pa ansanm
Men mwen pa regrèt
Mwen gen bèl souvni
Jodia m di w mèsi
Nou g on bèl tifi, Lia toujou ap souri
Se vre l raple m de ou
Nan je l m ap toujou ka reviv
Gad on mizè
Kote lanmou an pase?
Se pa konsa l te ye non
w ta nan plas mwen o
Pou ta konprann mwen o
Baby Rey pap janm konprann
w ta nan plas mwen o
Pou ta konprann mwen o
Konpa
Kote lanmou an pase?
I′m moving on, moving on
Mwen retire tout sa k nan kay la, pou mwen ka eseye bliye w
I'm moving on, moving on
Mwen sispann gad foto nou de, pou nostalji pa fin anvayi m
I′m moving on, moving on
M aksepte kounya ou ale, men nou g on pitit pou n leve
I'm moving on, moving on
Gad on mizè
Konpa ...wou
Kote lanmou an pase?
Wo tout sa k rive se destine m ap kontinye
Wo m ap kite sa nan men Bondye m ap kontinye
Woy pou m kontinye m ap kontinye
Mwen di woy woy woy m ap kontinye
Woy woy woy m ap kontinye




T-Vice - Nou Tounen Pi Fò
Album Nou Tounen Pi Fò
date of release
23-11-2016




Attention! Feel free to leave feedback.