Wanito - Reyaktive Lyrics

Lyrics Reyaktive - Wanito



Sa se Wanito
Ou tap mande pou mwen
Mwen reyaktive, yeah yeah yea
Mwen reyaktive
Mwen reyaktive
Mwen reyaktive
Mwen reyaktive
Si mwen ta pran tan pou m eksplike
Tout sa m andire yon mizik pap ase
Tout chemen tout sa mwen rankontre
Pwoblèm difikilte kalamite
Pou kèk rezon mwen pa chwazi pale
Sa k rive m yo mwen pap menm detaye
Se vre m atis men tou m g on prive
Menm jan ak pa w la mwen vle l respekte
Pouki w panse m ta gen on karyè k ap byen mache
Pou m ta deside pati al chita on kote
Se de mizik mwen viv se avè l mwen manje
Non mwen pa rayi tèt mwen ann fon ti panse
w pa konn yon bagay pa kouri kritike
E anplis fwa pa prese kwè tout sa w tande
Jodya Bondye ban mwen fòs pou m relanse
Nan pouvwa pa l mwen swete mwen pa janm kanpe
Mwen reyaktive pou sa k tap mande pou mwen yo
Mwen reyaktive pou sa k te bezwen m tounen yo
Mwen reyaktive
Mwen reyaktive pou sa k te panse m fini yo
Mwen reyaktive sa k tap pale mal de mwen yo
Mwen reyaktive
Mwen konnen demen pa asire
Ke pèsòn pa ka chanje le pase
Se prezan nou sèlman ki konte
Se de li sèlman nou ka pwofite
Nan lavi sa w pa tann bon moman
Se pran tout vye moman yo yo bon
Konvenk tèt ou menm si w ta nan touman
Se ou k bòs lespri w se ou ki patron w
Nan istwa lavi m sa se leson mwen tire
Tan pap tann ou menm si lavi mete w kanpe
Pandan m ap chante la se tan ki ap pase
Don Bondye ban m nan mwen pap kite l gaspiye
Moun ki se pa moun kip a janm tonbe
Men se moun ki tonbe ki konn jan pou leve
Sa ka rive sou chemen mwen te dewoute
Mwen reprann tèt mwen kounya mwen reyaktive
Gen fanatik ki fache paske mwen te gentan fin gate yo
Jodya menm nan je mezanmi mwen pa ka gade yo
Sak tap di se chak ane ke Wanito lage on video
W kounya se tankou lapli m pral efò pou mwen vide yo
w pa kite moun di w li twò ta pou w rekòmanse eh
Nenpòt rèv ou genyen w ka reyalize l
Menm si w te f on kanpe w ka reyaktive
Non li pa janm twò ta depi w gen volonte



Writer(s): Louis Pascal Juanitho Beaubrun


Wanito - Reyaktive
Album Reyaktive
date of release
15-10-2019



Attention! Feel free to leave feedback.