BélO - Vann dlo paroles de chanson

paroles de chanson Vann dlo - BélO



Moun yo, men dlo a (moun yo, men dlo)
Moun yo, men dlo a (moun yo, men dlo)
Moun yo, men dlo a (moun yo, men dlo)
Moun yo, men dlo a (moun yo, men dlo)
M ap bat dlo pou m
Paske mwen renmen lavi vre
M p ap antre nan move zafè
Menm si se vre lavi di
M ta renmen woule yon bèl oto
Men sepandan mwen poko
M poko kapab
M ap tout sa m konnen
Pou tchovi yo ka miyò demen
M Pito
M pito, m pito
M pito vann dlo, m pito vann dlo (m pito vann dlo)
M pito mache nan solèy cho (nan soley cho)
M pito vann dlo, m pito vann dlo (m pito vann dlo)
Pou m edikasyon timoun yo avan m ale
Se pa chak jou m ta pran lari a
M oblije satiyèt lavi a
Gen de jou, m pa gen kòb taksi a
Men fòk mwen soti, m pa gen 'le choix', no
M pa janm gen tan pou timoun yo
mwen antre, yo gentan dodo
M ap tout sa m kapab
Demen, fòk yo sitwayen valab
Mwen pito
M pito, m pito
M pito vann dlo, m pito vann dlo (m pito vann dlo)
M pito mache ak yon boyo (nan solèy cho)
M pito vann dlo, m pito vann dlo (m pito vann dlo)
Lord! Pou m edikasyon tchovi yo avan m ale
M ap redi, gras Bondye
M p ap janm dekouraje
Menm si m konnen anpil gout swe gen pou l tonbe
Toutotan tèt mwen pa koupe
Te mèt se yon chapo pay, m ap espere
Moun yo, men dlo a (moun yo, men dlo)
Moun yo, men dlo a (moun yo, men dlo)
Moun yo, men dlo a (moun yo, men dlo)
Moun yo, men dlo a (moun yo, men dlo)
Manman m, oh (men dlo a)
Manman m, oh (men dlo a)
Manman m, manman m, Manman m (men dlo a)
Manman m, oh (men dlo a)
Mwen pito van dlo, m pito vann dlo, m pito vann dlo
M pito (m pito vann dlo)
Mwen pito van dlo, pito vann dlo, m pito vann dlo
M pito kole boyo(nan solèy cho)
Manman m, oh (men dlo a)
Manman m, oh (men dlo a)
Manman m, manman m, Manman m (men dlo a)
Manman m, oh (men dlo a)
Ou konnen nan lavi, nanpwen so metye
Yon nonm pou reyisi, w pa lite
M pa janm tande yo di ke malere se yon peche
M ap goumen pou m edike pitit mwen ak diyite
Manman m, oh (men dlo a)
Manman m, oh (men dlo a)
Manman m, manman m, Manman m (men dlo a)
Manman m, oh



Writer(s): Belo


BélO - Natif natal
Album Natif natal
date de sortie
04-04-2014




Attention! N'hésitez pas à laisser des commentaires.