Fantom - Viv Ak Sam Genyen paroles de chanson

paroles de chanson Viv Ak Sam Genyen - Fantom



Yeah yeah yeah
Magik trap banm beat la pi fo nan zorey mw
Gros maladie gwo pie tet anfle m pap soufri
Mpap kite mize fe mwen paka souri
Le li pi fe nwa se pot yok pral
Louvri map travay mgon espwa pou kwam rejwi
Sak nan poch mw yo ka piti pou reponn ak bezwenm yo
Ou ka we jem piti men visyon mw yo gro
Menm lel pa fasil poum realize yo
God sa pap deroute god sa pap ka devyem bondye pifooo
Konn jou pam nan gen pou rive zetwal
Mw pral briye m gen travay mw merite
Mw di oh
Anpil nan yo pral fache men yo pa
Janm we lem tap trennen an mw te asepte
(Map viv ak sam genyen)
Annatandanm jwenn sak pou mw
(Ak sam genyen)
Map travay poum jwenn sam bezwen
(Map viv ak sam genyen)
Menmle li pa lwen m santim bien
(Se sam genyen)
Se rekonpans de travay mw
Mviv ak sam genyen ki pam e mw pa gen espwa sou pa moun
M pa gen gwo ke pou sak pa pam em pa bezwen sa ki pa moun
M viv aki deteminasyon motivasyon bon anbisyon
M viv ak ak objektif cause pou lavim gen gro vizyon
M viv ak tchoul m viv ak tout
M viv aki led m viv ak fout m ka viv
Ak peso ewo dola siw we la m viv ak goud
Mviv ak bet m viv ak moun m viv ak pov kou gwo zouzoun
Mviv ak sen m viv ak djab mviv ak pwel mviv ak bab
Mviv ak bien mviv ak mal mviv ak pwop mviv ak sal
Mviv la twop e mw viv mal m pa fe tet cho m viv kal
Mviv ak karma anba kri bal m viv anba pep kanibal
M viv ak chen m viv ak pis m viv ak mwens kap viv ak plis
(Map viv ak sam genyen)
Annatandanm jwenn sak pou mw
(Ak sam genyen)
Map travay poum jwenn sam bezwen
(Map viv ak sam genyen)
Menm le li lwen m santim byen
(Se sam genyen)
Se rekonpans de travay mw
Se vre lavii gen move pataswel li konn bay fow pa febliii
Gonfle venn pouyet ou pou batay pou reyisi
Se rete focus kwe nan travay paske se sou tet ou ou dwe konte
Lavii gen move pataswel li konn bay fow pa febliii
Gonfle venn pouyet ou pou batay pou reyisi
Se rete focus kwe nan travay ou merite pliske fow posede
(Map viv ak sam genyen)
Annatandanm jwenn sak pou mw
(Ak sam genyen)
Map travay poum jwenn sam bezwen
(Map viv ak sam genyen)
Menm le li lwen m santim byen
(Se sam genyen)



Writer(s): Daniel Darinus


Fantom - Rap Onorab
Album Rap Onorab
date de sortie
14-06-2020




Attention! N'hésitez pas à laisser des commentaires.