Fantom feat. Solis - Proud of Me (feat. Solis) paroles de chanson

paroles de chanson Proud of Me (feat. Solis) - Fantom , Solis



Konn pran tan m ap gad reflè m nan glas
Dlo pran koule nan je m m sonje mwen in the past
Non mwen te ti Daniel yon payas
Moun pat janm konn gade m tout sa m te te grimas
Pou m te fin lekòl se basket, m te sa k dwòl se chaplèt
Dèfwa m pap baw manti pou mwen manje se te yon casse tête
M te gen de ti pantalon se yo ki te metanm metanm
Dèfwa bezwen on soti tenis m prete nan men zanman m
Pou pase fresh pou m ka tcheke on ti fanm
Pou m chase stress m te bay basket tout tanm
E m pat gen pyès lòt sipò ke manmanm
M te kwè m te best se reyisi tout planm
M te gonfle venn mwen, travay brain mwen jwenn chimen paradi
Kou Master Dji se tann pou tann wap jwenn tete foumi
M te ka pèdi ou te mouri, bon m di w m te ka mouri
Si m te prese pou m te rive isit m te ka mouri
M ta pral manyen sa k pat pou mwen
Neg tap manyen m sa yo pat pou mwen
M te kwè nan mwen ak kouraj mwen
Tout sa pou m gen se ak kouraj mwen
E antouraj mwen pat osi kòdyom yo pat nan laj mwen
Si m te on tèt pou peyi san chapo m t ap vwayaj mwen
M te vize pi lwen ke pwent nen m e ceci se tan respè
M te kwè pou m mize kwayans mwen paske m te kwè m pap erè
M te konfyan avèk talan mwen yon jou m tap efè
Pèseverans se te frè mwen ki te m goumen pou sa m kwè
Rèv mwen se te pou konn lòt peyi men m pat ko konn pa ki mwayen
Dèfwa pou m t al la leogane nan pòch mwen pat gen mwayen
M te reve tout sa ki bèl men m te konne pa ki mwayen
M te adikte tèt mwen ak rap jodya se li k ban m mwayen
M Europe ak Amerik, Antilles m ap Afrik
M posede kay kanè m gen frik
m pran lari fanm yo di mwen chik
M distenge m pami lòt yo
M pi selèb ke tout lòt yo
M rap pi byen ke tout lòt yo
Se mwen ki papa tout lòt yo
Pawòl mwen bay lespwa ak jèn m yo gen kontwòl lari a
M yo pa afronte obstak ke yo jwenn nan lavi a
Rap kreyòl mete m sou brezenk mwen
Li lòt konnen sa m gen nan brain mwen
So proud of me m pap baw manti menm m poko on ka nan wout mwen
m pran sanm m gad pase mwen m ki kote mwen te ye
M gen pwogresyon jounen jodya men kote mwen ye
bagay pat bon pou mwen pwofitè ki kote w te ye
Pou w ap pote boure sou mwen ki manmèl ke wap vin souse
Manman m konnen w fyè de mwen
But travay la anpil m anpil
M fyè de tèt mwen, men m poko atenn objektif mwen
I'm so proud of me
So proud of me
I'm so proud of me



Writer(s): Daniel Darinus


Fantom feat. Solis - Reyenkanasyon
Album Reyenkanasyon
date de sortie
26-03-2016



Attention! N'hésitez pas à laisser des commentaires.