Jbeatz feat. Darline Desca - Lanmou Mechan paroles de chanson

paroles de chanson Lanmou Mechan - Jbeatz , Darline Desca



Beatz
Oh oh lanmou mechan
I know everybody should be happy
An menm tan yo pa oblije soufri
Kijan mwen pa ka tande vwa w
Mwen santi se dis kouto k nan m
Vye lanmou sa g on fason li aji
Aprè yo ti tan li vire do li
Kou mwen deside m pa nan love sa
Se renmen m ap renmen w pi
Oh oh lanmou mechan
Oh oh
Kisa lanmou panse li ye konsa
Pou jan l manipile m lavi m konsa
Jan l ka pran nou de epi ini nou
Aprè sa mete nou do a do
Vye lanmou sa g on fason li aji
Aprè on ti tan li vire do li
Kou mwen deside mwen pa nan love sa
Se renmen m ap renmen w pi
Oh oh oh oh
M pa ka di m rayi lanmou
Oh oh oh oh oh
M pa ka di mwen renmen l tou
Oh oh oh oh oh
Mwen ta goumen ak lanmou
Men m konnen m bezwen lanmou
Gad on lanmou
Gad jan on lanmou mecha
Gade gade gade
Gad jan on lanmou mechan
Yon jou nou pa pale
Pi move jou m te ka pase
De jou nou pa kwaze
Mwen difisil pou m respire
Twa jou n pa rankontre
Wa di latè sispann vire
Kat jou mwen pa tande w
Anbilans yo oblije rele baby
Lanmou n mèt an danje
Ou konnen nou nan menm team lan
Nou menm ekip la nou pap separe
Nou mèt dòmi fache
Ou konnen nou nan menm team lan
Nou menm ekip la nou pap separe
Hey yon jou nou pa pale se zantray mwen kap dechire
De jou nou pa kwaze, mwen difisil pou m respire
Twa jou mwen pa kontre w wa di tout van sispann soufle
Kat jou mwen pa tande w mwen santi m prèt pou m trepase
Gade gade gade
Gad jan on lanmou mechan
Lanmou n mèt an danje
Ou konnen nou nan menm team lan
Nou menm ekip la nou pap separe
Nou mèt dòmi fache
Ou konnen nou nan menm team lan
Nou menm ekip la nou pap separe



Writer(s): Jean Pluviose


Jbeatz feat. Darline Desca - Lanmou Mechan
Album Lanmou Mechan
date de sortie
12-12-2019




Attention! N'hésitez pas à laisser des commentaires.