Kai - Jije'M (feat. Medjy) paroles de chanson

paroles de chanson Jije'M (feat. Medjy) - Kai



JIJE'M
Tande,ou kon defo'm
Tout kalite'm
Ou pa janm gen foli
Change'm
Sak pwal ranmase'm
Sou'w jete'm sou'w jete'm
Jan'm ye a
Ou kon antre'm Ou kon soti'm
Ou kon souri'm
Ou kon kriye'm
Sak pwal ranmse'm
Souw jete'm... souw jete'm
Mwen pa kompran
Pouki yo pa vle wè'n ansanm
Sou sa, yo gen misyon
Pou yo pale'm mal
Few fache kite sa
Mwen pa kompran
Pouki la vie nou tet anba
Pou moun sa yo pa menm
Avoka yo pa menm konsta
Yo soti pou yo kondane'm
Se ou ki pou
JIJE'M JIJE'M
Avan wale
Fok ou jije'm
Avan wale
Pa gen moun ki
Konsta pa gen avoka
Yo paka kondane
Moun konsa
Ou kon afè'm
Kon tou seckrè'm
Ou kon lè'm plen kob
Ou kon razè'm
Si yon jouw ta vle mare'm
Se menm ou menm
Ki ta desan al lague'm
Ou kon bonjou'm
Ou kon bonswa'm
Ou kon tout sa'm
Gen lan tiwa'm
Men'm telephone mwen
Lew vlew pran'l ou antre ladan'l
Depiw santi mwen gon'w lot fan'm
Moun yo panse ou pa konen'm
Pou bagay nou passe
Ou pa kampe lwen'm
Chérie pa gon'w jou'm map blow
Chérie pwenti bouch banm bow
Moun yo ranse yo pa konen'w
Yo bezwen nou kite yo pa renmen'w
Chérie pa gon'w jou'm map blow
Chérie pwenti bouch banm bow
Se ou ki pou
JIJE'M JIJE'M
Avan wale
Fok ou jije'm
Avan wale
Pa gen moun ki
Konsta pa gen avoka
Yo paka kondane
Moun konsa
Tande non
Mwen pa veye moun ou
Pa veye moun mwen
Pa fouye bouch ou lan zafè'm
Ou pa gen job sekirite (bis)
Jij pa'm lan di " not guilty "
Men moun yo pa konen'm
Non'm lan bouch yo (bis)
Gade gade
Pa merite prizon sa
Moun kap pale'm mal
Istwa yo kache
Pa merite prizon sa
Moun kap pale'm mal
Yo toujou peche
Depi kilè yo te bon konsa
Bon konsa
Yo chita la yap volè madanm moun
Yo chita la yap volè mari moun
Pa merite prizon sa
Moun kap pale'm mal
Istwa yo kache
Pa merite prizon sa
Plis yo pale'm mal
Se plis yo peche
Depi kilè yo te bon konsa
Bon konsa
Yo chita la yap volè madanm moun
Yo chita la yap volè mari moun



Writer(s): Richard Cave


Kai - Jije'm
Album Jije'm
date de sortie
31-08-2021




Attention! N'hésitez pas à laisser des commentaires.