T Micky - Mesi Manman paroles de chanson

paroles de chanson Mesi Manman - T Micky



Mèsi Manman T-Micky
Hmmm, manmi cheri, mèsi
Mèsi manman, mwen di w mèsi manman
Mèsi manman
Mèsi manman pou tou sa ou
Pou mwen ou se reprezantan Bondye sou latè
Mwen promèt ou ke w'ap toujou premye fi nan lavi mwen
Ou merite lesyèl pou jan w leve m, pou jan w grandi m
Jodia m'ap chante pou ou manman
Mwen remèsye Bondye pou ou manman
Jodia m'ap chante pou ou manman
Pou mwen ka eksplike w kijan m'santi m pou ou
Kijan mwen renmen ou
Ou pat janm bouke banm atansyon
Ou sakrifye w chak jou pou banmwen ledikasyon
Si jodia m'konn sa k rele lanmou se gras a ou
Ti jou sa a se pou ou
Banm ti chans sa a pou m pran swen ou
Jodia m'ap chante pou ou manman
Mwen remèsye Bondye pou ou manman
Jodia m'ap chante pou ou manman
Pou mwen ka eksplike w kijan m'santi m pou ou
Kijan mwen renmen vou
Manmi cheri, m'konnen ke si tout fwa tout moun ta vire do banmwen
M'mèt konte sou ou, paske w'ap toujou avè m
Se pou sa jodia m'deside kanpe dèyè mikwo a pou m chante pou ou
Sa soti nan m manmi... Mèsi
Mèsi manman, mwen di w mèsi manman
Mèsi manman
Manmi I love you
Ou konn sa deja
Ouwo ouwo, oh wo
Mwen mande Bondye konbyen l vle vann mwen planèt yo
Pou mwen sa peye w, m achte yo ak tout sa k ladan yo
Bondye di mwen pa gen mòd kòb sa a
Gen ti jès w'ap pi renmen ke sa
Ou paka mete pri sou lavi
Pa gen pi gwo mo pase "mèsi"
Mèsi manman, mwen di w mèsi manman
Mèsi manman
Mèsi manman pou tout sa ou
Mèsi manman, mwen di w mèsi manman
Mèsi manman
Mèsi manman pou lavi w banmwen



Writer(s): Sandro Martelly


T Micky - #ATACHE
Album #ATACHE
date de sortie
02-07-2014



Attention! N'hésitez pas à laisser des commentaires.