Wendyyy - Nou Fake paroles de chanson

paroles de chanson Nou Fake - Wendyyy



Nou tout ap sanblan nou byen men nou mal
Nou bay vizaj moun ki ge men o fon nou kal
Figi nou make jwa men anndan nou pal
Nou santi bon byen abiye men anndan nou sal
Mond lan vin telman fake je Donne raison à qui vit seul
Pa gen koup ki solid tout mare a ti fisèl
Ou pa konn ki fanm ki pa bon tout gen vizaj a ti pucelle
Pa gen moun ki vrai tout moun atifisyel
Nou pito envite yon vi olyen afiche nou jann ye a
Bay tèt nou manti olye nou pran lavi janl ye a
Pa gen nou youn ki pou chanjman donk nou chak chwazi yon klan
Nou youn pa vle onèt donk nou chak chwazi yon plan
Tout moun vle lapè men ki moun ki premye pa a hein
Tout moun vle ede ki moun ki lonje premye bra a hein
Tout moun vle pataje men kiyes ki bay premye pla ahein
Kilè nap gen kran poun di se nouk premye ka a hein
Lanmou nou fake
Aparans nou fake
Souri nou fake
Wi nou tout fake
Nou tout gen nan men menn pap separe se pa nou
Annik chita n toujou san ta se pa nou
Pa gen moun ki onèt, pa gen moun ki vrè
Figi nou tout makiye, pa gen moun ki fyè
Je nou tout kale, men pa gen moun ki
Mond lan ap depafini men pa gen moun ki
Nou tout ap viv nan manti nou pwograme kon pc
Aparans nou fo e pèsonaliten konprese
On se voile la face e pa gen moun ki konfese
Nou jijman lòt lèn san makiyaj nou konplekse
figiw pa gen make up, ou pa gen fo zong, ou pa gen fo cheve ou twouvew lèd
Lèw pa twouvew two nwè, ou pa gen bouda
Lèw pa twouvew twò gwo ou twouvew mèg
Men se pa fòt nou se fot sosyete a
Ou santiw pi alèz pouw preche fo de saw swete a
Nou pa fyè de sa nou ye nou kache dèyè maskara
Nou tèlman jijman lòt nou sanble yon bann maskarad
Nou pa fyè de jan nap viv nou parèt a on lot klas
Nap chanje koulè nou poun sanble a yon lòt ras
Yo pa konn ki moun nou ye koz nou parèt a yon lot plas
Nou pa gen idantite chak joun parèt a yon lòt fas



Writer(s): Wendyyy Traka Tmg


Wendyyy - Indetronable
Album Indetronable
date de sortie
24-04-2016




Attention! N'hésitez pas à laisser des commentaires.