Baky feat. T-Jo Zenny - Koupab текст песни

Текст песни Koupab - Baky feat. T-Jo Zenny



A 25 ans lavi isit pa fèm rabè
Mkonn lavi pòtoprens ak tout pwoblèm ki vin avèl
Mte marye ak yon fanmi ki te banm yon pitit
Fòm din ke lavim chanje depi le jou li vin sou latè
Mpat g'on gwo kay men nou tap viv ansanm
E aprè nu vin divòse pitit fim al viv ak manmanl
E alepòk se machin mta repare pitit
Fim vin g'on bòpè akoz manmanl vin remarye
Yo demare yon lòt vi ansanm, menm te toujou la,
Mte toujou la pou pitit fim nenpòt sam genyen mtoujou ba'l
Chak fwal vin wè, se rache poum mennenl, e
Nenpòt sam nan lavi konn se pou li tèlmanm renmenl
Tout pòt mèt femen pou mwen depil jwenn pòt ouvri
Mpap nwi dòmi nan fredi depil ka jwenn lèn poul kouvri
Pitit fim pap konn mizè mwen,
Mpap nwi mache pye atè ak yn sèl rad depim bal tout sal bezwen,
Map sal kòm pou pal ret pwòp, pòch mwen vid pòch pal gen kòb
Ou poul konblel map tout
Kalite djòb. Satisfasyonm se lèm wèl souri
Pitit fim sa se lavim e pa gen anyen mpap pou li.
Yon bon maten m'al travay pou twòp kredi,
Menm pat koz tout kòb mwen se nan li mte envestil
Mvin g'on dezyèm djòb, s'on ti djòb sekirite
Paskem te g'on lajan lekòl mtap konplete poul te enskri
Tèt mwen cho pou jan dèt sa te toumantem, o
U konn paran! Li mèt pa manje depi pitit li konble.
Telefòn mwen vin sone e lèm gade mwen nonl monte
Mdi ma fille cherie comment vas-tu? Siw konn kijanw mankem
Li di a Papi vin dèyèm mpap ret la, m
Santi umilye, mpèdi tout pudeur ki te nan kòm.
Mdi saw genyen ou pa alèz,
Li di men non bòpèm ap plede manyenm
Chak fwal antre la, mpa vlel parèt la ankò,
Mdi kisa? li di papi vini tanpri mpral avèw,
-Men kot manmanw
-Li pat tandem tout lèm te eseye pale avèl. Mdil ret kache map vini
Li dim ok men papi tanpri vit
Paseke mwen se mwen ki pou kòm la avèl.
Misye gen pouvwa, lajistis patap pran kam,
Kòm mte g'on djòb sekirite san mpa mande mwen ale ak yon zam
Pa menm ezite m'al defann pitit fim ki minè
San refelchi mwen pran lari direksyon kay yon kriminèl
Lèm rive mfonse pòt poum rantre, g
Ras a Dye mrive a tann, mwen kap trennenl devan jem
Mdi hey fout lagem bral, cherie ekate kòw
Pandan lap kouri vin sou mwen mrale zam mwen mbrake baw!!!!!
Mkoupab! Si lejitim defans mfè deranjen
Mkoupab! Si se paske mpat aksepte dlo nan jel
Mkoupab! Sim wèm lavi en jeu pitit fim an danje,
Mte prefere tire yon bandi olyem te ret gad nan je
Mkoupab! Si djòb nou nan plas nou s'on gwo mal nan vim
Mkoupab! Si sove lavi pitit fim nan se yon krim
MKoupab! Sim efase yon nèg ki te abizel lèl te
Seule, mgarantiw mpa regrèt si pou te fèl mtap refèl



Авторы: Lugendy Baptista Saintibert


Baky feat. T-Jo Zenny - Koupab
Альбом Koupab
дата релиза
06-03-2018

1 Koupab



Внимание! Не стесняйтесь оставлять отзывы.