KANIS feat. BAKY - Anlè текст песни

Текст песни Anlè - Baky , KANIS



Tèt anlè
Ret anlè
Toujou anlè
Pitit Bondye pa janm ret atè
Ekstraterès m pa moun
Sèl monn selès ki konprann mwen
M pa manbo m se yon manman tanbou
Sa dèfwa yo konfonn mwen
M alèz
Tout chache m chache m pa jwenn tchalenj
Sak te vle maji sou mwen yo tout tonbe nan falèz
Tande twonpèt la
Wo, m ap vini
M jwenn limyè tankou Kris
M retire nanm nan blakawout
Retire vis, pote jistis
Bay levanjil nan tout kafou
Tèt anlè
Ret anlè
Toujou anlè
Pitit Bondye pa janm ret atè
Tèt anlè
Ret anlè
Toujou anlè
Pitit Bondye pa janm ret atè
Voye je w anlè pou gade m
Pa gen plas pou mwen isi ba
Pa gen wayom pou wa sa
W pa gen pwa rale w la ti sina
Anlè li ye
map pase
Paka touche m ak fistibal
Nou ginen danse w tande
Bidimbimbidimbimdibaw (anlè li ye)
Pa chache m nan mitan yon
M s′on w espri ginen
Rele sa w pa san trase
Vèvè w ap resi kimen
W ap resi di mwen sa k
Syèl ak pa ka lapè
M ap lago ak etwal pandan
Ti egri ap bèk atè (anlè li ye, ayibobo)
N ap chache m nan syèl na m
M se pitit limyè e solèy f'on sèl avè m
Albòm nan nèk lage nantre tout sa k te hit
Baky, Niska n tèlman vole
Wo djòs rele n satelit
Tèt anlè
Ret anlè
Toujou anlè
Pitit Bondye pa janm ret atè
Tèt anlè
Ret anlè
Toujou anlè
Pitit Bondye pa janm ret atè
NASA pako konprann èt
Tankou m ki sot nan lespas
Lasyans ap chache konnen
Kote m pase m pa janm kite tras
Pa gen anyen ki ka deplasem
Tout sam kreye monte depase m
M se yon mèvèy pou ou
Piti Bondye se li k reklame m, yeah
Kisa m aprann sou latè?
Tout sa k kiss ou ka kaka w
Menm sak viv ou pral avè w
w sou pouvwa w y ap la nan dada w
Se pa monte nou m ap monte
Desann n ap plede desann
Se mistè a, w gen sajès
Pou w rive konprann, anh
Manman Mari di yo
M gen kontwòl tout lame a
Pandan y ap rablabla di yo
M pral hit tout ane a
M anlè zanj mwen yo kanpe an militè
Enèji m pouse reyon
M anvayi nan tout linivè, anh
Tèt anlè
Ret anlè
Toujou anlè
Pitit Bondye pa janm ret atè
Tèt anlè
Ret anlè
Toujou anlè
Pitit Bondye pa janm ret atè
Manman Mari
Tèt anlè
Ret anlè
Toujou anlè
Pitit Bondye pa janm ret atè
Manman Mari
Tèt anlè
Ret anlè
Toujou anlè
Pitit Bondye pa janm ret atè
Manman Mari di yo m gen kontwòl tout lame a
Tèt anlè
Di yo m pral hit tout ane a
Ret anlè
M anlè, zanj mwen yo kanpe an militè
Toujou anlè
Pitit Bondye pa janm ret atè



Авторы: Inconnu Compositeur Auteur, Jean Philippe Brierre, Roy Magloire, Niska Garoute, Lugendy Baptista St Hubert


KANIS feat. BAKY - Eneji
Альбом Eneji
дата релиза
20-12-2017



Внимание! Не стесняйтесь оставлять отзывы.