Kevin Hart - So This Is What We Doing? текст песни

Текст песни So This Is What We Doing? - Kevin Hart



Ak sajès vrèman m vin konnen ret trankil se remèd
Bon mwayen pou rive nan vi paw li pa lòt ke efò
Siw ta oze di nan rap kreyol se mwen menm ki pi
Akoz de sa rezilta vi pam pap lòt ke lanmò
Nan chache lavi, pafwa nou konn rive nan fen li
Se vre n gen poun mouri men vi pam mta renmen konn fen li
Pa gen love san peace konsa tou anpil nan nou gen vis
Apre 1, 2, 3 ki pa genyen apre sa pa gen plis
Mpa vle mache tèt bese ak respè mwen vle viv san please
Mpap dead tankou koupe kloure ki mouri pou bitches
life tèlman frajil so li enpòtan pou atansyon
Koz kounya jèn 25ans ap mouri nan sik ak tansyon
Lèw twò saj, yo use sajès ou pou yo baw panik
Lèw twò brute yo use brutalité w yo pran w pou bourik
Yo vle use ou fèw sa yo vle tankou bagèt majik
So mprefere viv mwatye moun mwatye bèt sou prensip Trajik
Viv trè senp pa fòse flè pouse sou chan d batay
Li trè senp pouw konn sa kap avew sou chan d batay
Met konfyans nan ou dabò avanw metel nan pèsòn
Depi yo fin montre m konte mpa konte sou pèsòn
M aprann konnen rezilta vi a pa lòt ke lanmò
M aprann konnen pouw rive nan vi pa w pa lòt ke efò
M aprann konnen ti moso sajès vo plus pase
Ou tou wèw pap ka achte l menm si ou ta genyen
M aprann jere respè m ak anpil karaktè et met sousi
M aprann ènmi ak latè se poum pa manje sou li
Mennen triple vi pa anyen koz ou pap gen triple mort
Viv ak respè w en attendant la venue de ta mort
Mwen vle di w par là, pa conjugué vi w au pluriel
Lanmò ap pran w au singulier efò poul ka bèl
Tout moun ap chache sans lavi
Yo ta vle jwenn chans lavi
Pa vle pou vi yo rabi
Yo ta renmen jwenn chans a vi
Depi wap rayi trayi pwòch ou pap janm ka jwenn bon sans lan
Wap touye l pou lekòl li menw pap janm pran konesans lan
Pou w viv nan bon sans lavi fòw gon lot vizaj dèyè tèt ou
Enposib pouw swiv li sinon nan tou wap boure tèt ou
Renmen ayiti pam nan pap tankou Henry Céant an
Nou pa nan menm bato men toujou menm océan an
Prizonye yon vi sal, mpa menm konn sa li vo
Nan foli nèg lari ti jèn tounen kanivo
Se lèw manke mouri wpral konn kisa lavi a vo
Lajan ka yon pi gwo intellect pèdi sèvo
Vi san lanmò pa gen sans men w al legliz pouw viv éternellement
San ipokrizi pouw viv sou a wap gen chanjman
Nou loraj men nou reve yon kout foudre
M konseye w viv ak sajès sil diw merde pa dil fout
Horoscope lavi sou a pa lot ke verseau
E map tou diw sans lavi a tou se recto verso.
Yeah
STAR-CLICK
Rendez-vous sur pluton
Sans Lavi
First-class recordz
Viv trè senp, pa fòse fleur leve sou champ d bataille
Koz, depi m gen kannèl, pou esans mpa batay



Авторы: jeff clanagan, leland wigington, kevin hart, harry ratchford, joey wells


Kevin Hart - What Now?
Альбом What Now?
дата релиза
22-09-2017




Внимание! Не стесняйтесь оставлять отзывы.