Baky - Peyi Gè Songtexte

Songtexte Peyi Gè - Baky




Tout nèg gen zam, tout nèg gen gang
Tout manch gen bal
Tande son
Dwèt yo frajil (2 fwa)
Tout blòk nan
Likilik
Beng Beng (3 fwa)
Beng
Gad sa nèg yo f on peyi
Si zam bay pouvwa
Konn nenpòt chèf leta gen yon chèf gang ki pi wo ke li
Yeah
Konnen m ka pa rantre chak maten w m kite kabann
Lari gentan konn konbyen kòb ou pran depi avan w menm kite labank
anwo, anba
To kidnaping nan ogmante
Se fizi k bay nèg yo manje
Menm piti kounya yo danje
Yo pa mache poukò yo mache ak klan
E w ka ap tire sou youn nan bal li pa pran
Tout moun gen zam
So m ka di w nan bif pi gwo nèg la se nèg ki rale avan
Nèg yo chaje antèn yo konn kiyès pou suiv
Yo konn kilè w antre yo konn kilè w soti
So depi yo vle pran w yo konn kilè l posib
S ou n tande tire epi w n pa kouri
Se just bri bal pa n paske depi n tande l sa vle n pa mouri
Tout nèg gen zam, tout nèg gen gang
Tout manch gen bal
Tande son
Dwèt yo frajil (2 fwa)
Tout blòk nan
Likilik
Beng Beng (3 fwa)
Beng
Pou n te pran pouvwa nou t ap kreye bandi
So kounya nou responsab dega yo
geto pale w pa tande y ap panse se sèl zam ki ka n tande vwa yo
Si yo kidnape w y ap mande w valè kòb ke w pa ko nan vi w pou ba yo
(Men kot letaa)
Leta? Bon menm leta gen gang pa yo
Job politik tounen sal job
Plak ofisyèl tounen paspò
Bri bal pran plas klaksòn
Nèg yo g on chèf gang nan chak zòn (Chak zòn)
youn yo kriye viktwa
Se pa de twa inosan k ap tonbe gen de gang k ap goumen pou teritwa
Isit nèg yo nan misyon man
Nèg yo fin leve anndan geto kounya yo pa ka jere kriz la man
Si yo pa ka kanpe l depi kounya pi devan l ap pi tris nan men n
Nou di m pa al jwe gen yon bandi k rele m pa vre
Èske n ap vin chèche m gen yon bandi k leve m?
Tout nèg gen zam (nèg yo gen zam)
Tout nèg gen gang
Tout manch gen bal
Tande son
Dwèt yo frajil (2 fwa)
Tout blòk nan
Likilik
Beng Beng (3 fwa)
Beng



Autor(en): Baptista Lugendy Saintibert


Attention! Feel free to leave feedback.