Blaze One - M'ANVI WE Songtexte

Songtexte M'ANVI WE - Blaze One




Blaze One vètè
OGF toutan toutan
Anndan peyi m travay plis ke libète
Pou yon pèp chomè gon mantal soudevlope viv san moniman
Istorik ki bèlte ayisyen pa vann patrimwan nou se fyète
M anvi vrè stati nèg mawon enkoni a
M anvi 2 lyon k' te devan palè jistis la
M anvi kouwòm emperè Faustin Soulouque la
M anvi te nan bato a Santa Maria
M anvi ASKO reyouvè n pa achte sik ankò ASYERI ouvè n pa achte
Ankò abitan latè pa kite andeyò jèn pa tèt cho pou etid lòt
Ayiti son bèl grenn fanm sak m anvi l m anvi bote l plis
Tankou manèt m anvi m fòl m anvi tijan m anvi
Tijak m anvi pòl m pase lakay pouchi plen manje m anvi bòl
M anvi stati Dessalines sispann gade lanmè m anvi tout sak
Nan lari bouke viv yon vi amè,
M anvi pa gen plenyen pou lakay monte chodyè m anvi peyi m nan
Tounnon w bèl flè ki chaje odè m anvi layann sakaje tout kote lanmou
Pataje linyon n rete atache pa kache rete gad a je m anvi pi rich pa
Chich yo pi gran pa pi trich yo pechè k'al nan lamè m anvi n
Tounen ak pil fish yo m anvi bèlte k' te gen lontan pou lòt peyi n
Reyenpòtan m pa vle l depafini m anvi l souri ak yon kontan m
Anvi l gran m anvi nou soti nan
Litani m anvi bisantnè lontan gran ri avèk plas d'
Italie m anvi sant dakèt kap ankadre ti moun kap jere talan gen
Twòp moun pye atè nan pòtoprens m anvi chalan m anvi gen mwens
Iletre nou tout gen leson ka lize m anvi
sansibilizasyon pou peyi m desantralize
M anvi vrè stati nèg mawon enkoni a
M anvi 2 lyon k' te devan palè jistis la
M anvi kouwòm emperè Faustin Soulouque la
M anvi te nan bato a Santa Maria
M anvi ASKO reyouvè n pa achte sik ankò ASYERI ouvè n pa achte
Ankò abitan latè pa kite andeyò jèn pa tèt cho pou etid lòt
Pouki chak jou nèg kwense vi a plis pou n anjandre fyasko san moniman
Dèfwa fristre nap gade plas yo pouki m paka tren ap desann nan
Dabòn pou malere penpennen retounnen ale travay nan asko pèp la
Grangou m anvi yon magazen leta manifestasyon kont lavi lamizè ou
Di m pa kaze leta paka menm peta chak blokis se traka menm reta ka
Likide tout sa ki fyète nou ak vwazen d' leta onè respè n vann kou
Mango ki sot keyi tout vrè moniman n ekspoze andidan mize lòt peyi sa
Vin montre n nou kondane pou n viv nan dilema m anvi lido emperial ak
Capitol ret sinema tout peyi tounnnen lakay nou gen twòp kap
Gaspiye pwodui nou rete natirèl lòt yo pran l yap vasiye sak kite
Pwovens vin pòtoprens pou pran kontra moto inyore travay latè pou
Y'al mouri anba oto m anvi lopital jeneral listwa te di k te
Jenyal doktè paka touche jodia tout malad jene mal m anvi peyi m
Fon ti deplase nan stad li ye a pa gen
Vòlè kap pran chans di machann ban m tabliye a
M anvi vrè stati nèg mawon enkoni a
M anvi 2 lyon k' te devan palè jistis la
M anvi kouwòm emperè Faustin Soulouque la
M anvi te nan bato a Santa Maria
M anvi asko reyouvè n pa achte sik ankò asyeri ouvè n pa achte
Ankò abitan latè pa kite andeyò jèn pa tèt cho pou etid lòt



Autor(en): Jiwenrison Guetz Marcena



Attention! Feel free to leave feedback.