Freedom - Sove Peyi Mwen Songtexte

Songtexte Sove Peyi Mwen - Freedom




Ayiti, ayibobo
Sove peyi mwen
Bondye, Ou konnen nou soti lwen, wo-oh
Veye fanmi mwen
San yo, m pa t ap janm ka anyen, no, no, no
W a sove peyi mwen
Nou p ap kite l menm jan demen
Chanje krangou tounen vant plen
Nou p ap kite l menm jan demen
Menm jan demen, menm jan demen, menm jan demen
Menm jan demen, menm jan demen, menm jan demen
Wo-oh-oh
Gade tout sa k te sa l, vin repwòpte
Tout sa k boule vin remonte, tout moun plante, nou rekolte
Ouh-oh-oh-oh
Tande lapli tonbe, remèsye syel la solèy klere
Met men nan men, nou pwoblèm pase
Oh, Bondye
Tande tanbou mache, n ap manje chak fwa ke mwen chante
Timoun yo kontan, gade yo danse
Sove peyi mwen
Bondye, Ou konnen nou soti lwen, wo-oh
Veye fanmi mwen
San yo m pa t ap janm ka anyen, no, no, no
W a sove peyi mwen
Nou pa kite l menm jan demen
Chanje krangou tounen vant plen
Nou p ap kite l menm jan demen, yah
Maten, m leve, solèy ap klere
kot bèl lanmè k ap monte, tambou peyi an m k ap gwonde, tout bèl fi ap danse
Nèg kanpe la ap gade
Chita sou plaj la, kounyèya m poze, m ap tande vag pale, se sa mwen plonje
Trezò nan dlo a chak fwa mwen rantre, pa gen pi bèl kote
Remèsye Bondye ke se la m pouse
Nasyon ki kreye libète
Se puisans nou ki te sa chanje
Nou danse libète, tout chèn kase
Sove peyi mwen
Bondye, Ou konnen nou soti lwen, wo-oh
Veye fanmi mwen
San yo, m pa t ap janm ka anyen no, no, no
W a sove peyi mwen
Nou pa kite l menm jan demen
Chanje krangou tounen vant plen
Nou p ap kite l menm jan demen
Menm jan demen, menm jan demen, menm jan demen (li p ap menm jan demen non)
Menm jan demen, menm jan demen, menm jan demen (se mete men nan men)
(N ap tout bagay pouse, tout moun ap byen viv)
Wo-oh-oh (tout bagay ap chanje, sonje m te di w sa)
Ayibobo



Autor(en): Inconnu Compositeur Auteur, Hantz Mercier



Attention! Feel free to leave feedback.
//}