BélO - Drapo'm nan - Instrumental Lyrics

Lyrics Drapo'm nan - Instrumental - BélO



BélO]
Drapo m nan se koulè san n ki te koule pou libète
Koulè po m yo pat vle kòmkwa mwen te yon moun dane
Drapo m nan se pat fasil si w jodiya l egziste
Se gran paran n ki te kanpe fasalepòk pi gwo lame
Drapo m nan reprezante chanjman listwa limanite
S on bagay dròl ou ka l senp poutan lèkstrèman konplike
Drapo m nan se li raple lamerik ak le mond antye
Ayisyen yo pat aksepte pou moun esklav okenn kote
Drapo m nan soti de pi bèl istwa ki janm egziste
Istwa zansèt nou yo k te sakrifye yo pou n ka libere
Se pa yon fab, se p on roman non plis, se pa yon kont de
Se premye fwa sa te rive se mond lan ki ta pral chanje
Drapo m se tankou cheve mwen
Mèt ba l koulè mwen vle vrè koulè l pap chanje
Ble e rouj la se fyète mwen
Mèt sa w vle l ap rete kole anba po mwen
Drapo a pap ka konprann ke jodiya nou divize
Deviz nou "l union fait la force" men malgre sa n gen prejije
Plizyè tribi ini fòs yo pou libere tout yon ras
Poutan nou menm kòm desandan nou separe tèt nou an klas
Drapo sa ta dwe chanje si se eta sa n ap rete
Li pa gen sans pou nou ankò tèlman nou ke n pa sanble
Drapo m nan li li tan pou reprann plas ou te genyen
Menm jan l te ye nan tan lontan pou Dahome ak nèg Ginen
Drapo m nan tankou solèy yo panse k pa tap janm briye
Li raple ke mond jodiya se Vertières li te kòmanse
Drapo m nan pa enkyete w menm si w ta we dèfwa w blaze
Yon jou kanmenm fòk yo kanpe pou ba w valè ke w merite
Drapo m se tankou cheve mwen
Mèt ba l koulè mwen vle vrè koulè l pap chanje
Ble e rouj la se fyète mwen
Mèt sa w vle l ap rete kole anba po mwen
Li kole anba po mwen
Yon jou gen pou rive y ap sispann pase ou anba pye
Wa va jwenn respè w merite
Y ap w tankou vrè senbòl libète
Drapo m se tankou cheve mwen
Mèt ba l koulè mwen vle vrè koulè l pap chanje
Ble e rouj la se fyète mwen
Mèt sa w vle l ap rete kole anba po mwen
Fyète mwen
Li anba po mwen
Drapo m se fyète m
E m fyè ke m se ayisyen
Ayisyanite m anba po m




BélO - Drapo'm nan (Instrumental)
Album Drapo'm nan (Instrumental)
date of release
15-05-2017




Attention! Feel free to leave feedback.