Djakout Mizik - Problem Lyrics

Lyrics Problem - Djakout Mizik



Pwoblem
Woywoy
Ki koze sa a
Chakmoun gen yon pwoblem
Woywoy ki bagay sa
Chakmoun gen yon pwoblem
Pouchon pale'm de Pepe non
Pepe se on jen gason ki nan mize
Pepe se on malere ki nan lanfe
Li pa domi, telman l'ap kalkile
Li pa soti, li pa menm gen on boyo chire
Si ou we'l deye on kamyonet
Si ou we'l ka pouse on bouret
Sa l'ap andire
Se'l li ki konnen oh
Si we'l sou on mesedes
Si poch li chage US
Sa l'ap andire
Pouchon pale'm de Peter non
Peter se on kps nan mon kalve
Papa'l chaje lajan, se pi gro dokte
Li pa domi, telman l'ap kalkile
Li pa soti pou yo pa kidnape'l
Lord knows
Si ou we'l deye on mamyonet
Si ou we'l kap pouse on bouret
Sa l'ap andire
Se'l li ki konnen oh
Si ou we'l sou on mesedes
Si poch li chaje US
Sa l'ap andire
Mezami oh, lot jou mwen renkontre an zanmi
Ki t'ap viv nan boston, nan lajan e an sekirite
Poutan li pa janm sispan krye
Dokte di li pap viv pou lontan
Chakmoun gen yon pwoblem
E byen djazz peyi a, sa ou ap fe pou sa
Ebyen Djakout fe moun yo blye pwoblem yo
Sa pou'm fe Anba lavil mwen ta maache, mwen tande abitan kap babye
Mezanmi oh,
Ou pa ka konte pwoblem mwen
Nan petyonvil mwen tap flannen,
Mwen tande gran panpan kap plenyen
Mezanmi oh,
Ou pa ka konte pwoblem mwen
La kay yon abitan
Gen pwoblem
Lakay yon prezidan
Gen pwoblem
Lakay yon malere
Gen pwoblem
Lakay yon milyone
Gen pwoblem
Epi tou abadaben
Sel Djakout manman
Ki ka fe'w blye pwoblem
Ki jan
Li gen yon dans
Ki dans
Yon dans ki fe konsa
Kote'l
Menli,
So easy
Pa gen pwoblem ki pi dous pase pwoblem
Pa gen pwoblem ki pi red pase pwoblem
Se jan ou jere'l la
Jan ou jere'l la
Ak moral la
Ak moral la
Epi tou abada ben
Djakout Mizik




Djakout Mizik - Jistis
Album Jistis
date of release
18-07-2011




Attention! Feel free to leave feedback.