Klass - Nou se ayisyen Lyrics

Lyrics Nou se ayisyen - Klass



Se nan solèy la mwen benyen
mwen leve maten
Nan lawouze m badijonnen
Mwen fyè ke m se Ayisyen
Rasin mwen plante an Afrik
Yo te mennen ladan kou tibourik
Men zansèt mwen te lite
Pou banm libète ak fyète
Frè m ak m pinga n reziye n
An nou chèche konn kisa k bloke n
Se vre chenn lan te soti nan pye n
Men nou toujou esklav nan panse n.
Pran almanak ann chèch'on dat
Nou bezwen yon lòt milwisankat
Zansèt nou yo te li deja
Li nesesè pou n refè l jodi a!
Yo kolonize n plizyè fwa
Sou yo nou toujou jwenn viktwa
Nou se yon pèp ki gen listwa
Nou se yon pakèt grenn ak bwa.
pitit mwen mande m papa
Kiyès mwen ye? Mwen gade li nan je
Ak ponyet mwen konsantre
Mwen di l, "Cherie se Ayisyen w ye!"
Frè m ak m pinga n reziye n!
An nou chèche konn kisa k bloke n!
Se vre chenn lan te soti nan pye n
Men nou toujou esklav nan panse n.
Pran almanak ann chèch'on dat!
Nou bezwen yon lòt milwisankat!
Zansèt nou yo te li deja!
Li nesesè pou n refè l jodi a!
Ayisyen!
Nou se yon sel ras
Yon sel Klass!
Sa nou ye?
Nou se fanmi!
Se sa wi!
Yo kolonize nou plizye fwa
Boure sèvo n ak fatra
n dezakòde!
Sa nou diveje!
Men pi vit nou rive aksepte sa
Se pi vit nou pral ka chanje sa
Ann ale!
Toujou toujou sonje!
Nou se Ayisyen!
Se sa nou ye!
Nou fyè nou se Ayisyen!
Nou pa vle sa chanje!
Nou se Ayisyen!
Sa pap chanje!
Nou fyè nou se Ayisyen!
Si yo kolonize nou plizye fwa
Boure sèvo n ak fatra
Pou n dezakòde!
Sa nou diveje!
Men pi vit nou rive aksepte sa
Se pi vit nou pral ka chanje sa
Ann ale!
Toujou toujou sonje!
Nou se Ayisyen!
Se sa nou ye!
Nou fyè nou se Ayisyen!
Nou pa vle sa chanje!
Nou se Ayisyen!
Sa pap chanje!
Nou fyè nou se Ayisyen!
Pa bliye chay soti sou tèt li tonbe sou zepòl!
Yon sel ras mezanmi!
Yon sel Klass!
Sa nou ye?
Nou se fanmi!
Klass it is baby!
Se fyète nou!
Chante! Chante!
Nou se Ayisyen!
Se sa nou ye!
Nou fyè nou se Ayisyen!
Nou se Ayisyen!
Sa pap chanje!
Nou fyè nou se Ayisyen!
Nou se Ayisyen!
Se sa nou ye!
Nou fyè no



Writer(s): Klass


Klass - Fe'l vini avan
Album Fe'l vini avan
date of release
20-04-2013




Attention! Feel free to leave feedback.