Luck Mervil - Ti Peyi A Lyrics

Lyrics Ti Peyi A - Luck Mervil




Gade mache ti peyi m nan, se sa wi
Mete pye nou sou beton an
Nou tout se youn o!
Gade mache ti peyi m nan
Mete tèt ansanm pou n mache pou ti peyi a
E sa woy! Konsa, konsa, e sa
Mache, mache, mache, mache la
Kanpe, kanpe, pou n avanse la
Kanpe, kanpe, kanpe, kanpe
Ti peyi d Ayiti Toma sa a
Li gen lan kòl o
Son jamè dodo
Depi desanzan la p bat o
Gade mache l, anba chay malfèkte yo
San manti pèz la lou tout bon
nwa pa kache grangou moun yo non
Mon yo kale fey pye bwa sispann pouse
Sous yo foure gode anba bra yo
Gade mache ti peyi mwen adye woy
Gade mache ti peyi mwen adye woy
Gade mache ti peyi mwen adye woy
Gade mache ti peyi mwen adye woy
Pèz la lou tout bon, pou ti peyi mwen an
Maleng sa gen le l pa gen gerizon non
Chay la pwes, chak jou l pi pwès
Pa kite la mizè tounen laprizon pou nou, o non
Chay la lou anpil, volò ansanm ak atoufè o
Pile timoun, kadejak sou bebe o
Manman ak grann ap mouri o
Ki sa nap
Ki sa nap
Pa kite bagay yo tonbe o
Gade mache ti peyi mwen adye woy
Gade mache ti peyi mwen adye woy
Gade mache ti peyi mwen adye woy
Gade mache ti peyi mwen adye woy
Nou rive lan kalfou tenten, se la nou chwe
Aprè desanzan men lespwa pran pataswèl
Men si nou pran bab, li pa mouri
N a youn pou nou janbe kalfou tenten
Pou selebre lendepandans
San demilkat pa kole lan gagann nou
Pou Ayiti monte chwal lawoze
Lalin a dwat, jeneral soley a gòch
Jis li depoze tout chay li yo
Ki twop pou li o!
Ki twop pou li o!
Gade mache ti peyi mwen adye woy
Gade mache ti peyi mwen adye woy
Gade mache ti peyi mwen adye woy
Gade mache ti peyi mwen adye woy
peyi a mache frè m yo, l mache




Attention! Feel free to leave feedback.