Rutshelle - Denye wòn Lyrics

Lyrics Denye wòn - Rutshelle



Le temps a effacé
Le vent a emporté l′écho
Les vagues ont roulé les sanglots jusqu'au rebords de mon hublot
Sur le sable, je ne vois plus tes pas
Au loin, j′entends le coup de glas
Tout s'effrite, se meurt et s'en va
Comme les cauchemars d′un long trépas
Se dènye fwa m kontre w
Se dènye bo k pou ban m remò
Se dènye fwa m ap jwe ak w
Malgre m konnen ou p ap dakò
Se dènye paj nan liv istwa n
Apre sa n kraz′on kite sa
Dènye foto nan kamera n
Aprè sa n kraz'on kite sa
Se vre, m sonje w te konn la
Sant w toujou m radabla
Se vre, te tank′on fim sinema
Tout zantray mwen sou lagraba
Se verite (se verite)
m ap rache (kè m ap rache)
Desten n oblije n separe
San bri san kont (san bri, san kont)
Nou deparye (nou deparye)
Se dènye fwa m ap rakonte w
Cheri, yon dènye mo
La-la-la-la-la-la
La-la-la-la
La-la-la-la-la-la
La-la-la-la
Chifon lavi efase mo
Lacho dekole sou panno
Koulè kraze, rèv mal douko
Menm grenn digo fin kolboso
Machann draje dous kokoye
K ap pase, mande m kote w ye
Yo sonje n pran siwèl a de
Kounyèya bout kòd la kase
Se vre m sonje w te konn la
Sant w toujou m radabla
Se vre, tank'on fim sinema
Tout zantray mwen sou lagraba
Se verite (se verite)
m ap rache (kè m ap rache)
Desten n oblije n separe
San bri, san kont (san bri, san kont)
Nou deparye (nou depary)
Se dènye fwa m ap rakonte w
C′est ma dernière chanson (la-la-la-la-la-la)
(La-la-la-la)
C'est une dernière saison (la-la-la-la-la-la)
(La-la-la-la)
Le coeur de ma poésie (la-la-la-la-la-la)
(La-la-la-la)
Ma dernière mélodie (la-la-la-la-la-la)
(La-la-la-la)
Lanmou bliye damou
Renmen ap pèdi gou
Rèv nan m gen degou
Womans sa fin kagou (womans sa fin Kagou)
Lanmou pran pàn motè
Renmen gen gou anmè
Rèv pran chimen malè
Idil sa nan mizè
Se dènye fwa
P ap g′on lòt fwa
Se dènye fwa
w pran l konsa
Se dènye fwa, al'on traka! E-e-h
Se dènye fwa m kontre w
Se dènye bo k pou banm remò
Se dènye fwa m ap jwe ak w
Malgre m konnen ou p ap dakò
Se dènye paj nan liv istwa n
Apre sa n kraz'on kite sa
Dènye foto nan kamera n
Aprè sa n kraz′on kite sa
Se verite (se verite)
m ap rache (kè m ap rache)
Desten n oblije n separe
San bri, san kont (san bri, san kont)
Nou deparye (nou deparye)
Se dènye fwa m ap rakonte w
Cheri, yon dènye mo (la-la-la-la-la-la)
(La-la-la-la)
Cheri, yon dènye mo (la-la-la-la-la-la)
(La-la-la-la)
Cheri, yon dènye mo (la-la-la-la-la-la)
(La-la-la-la)
Cheri, yon dènye mo



Writer(s): Rutshelle Guillaume


Rutshelle - Rutshelle
Album Rutshelle
date of release
29-06-2017


More albums



Attention! Feel free to leave feedback.