Fantom - Istwa Asefi paroles de chanson

paroles de chanson Istwa Asefi - Fantom



Sa Asefi pat konprann
Vites ak presipitasyon pa janm antann
Gad kounya li pran kabann
Pa gen kenn gason ki vin mandel sa lap vann
Asefi o sefi o
Gad kijan laviw pase
Natali o tali o
Gad kijan avniw pase
Yeah, ou pa renmenl vre
Se istwa yon bel tifi ke yo rele Natali
Manmanl te rele Asefi
Li te soti jeremi
Vin potoprens poul cheche lavi
Avek tout fos li
San ke li pat menm konen ki kotel ta pral domi
Bon chans pou li
Li rankontre yon zanmil te genyen lontan
Ke li pat janm we
Sa te genyen plis pase menm 15 zan
Li rale souf li
Pou perez li te jwenn soulajman
Paske zanmi an te di lap pranl lakay li pou nwit lakay
Paket sou tet
Men nan men
Yo tou de tap mache
Youn ap mande lot saw regle
Kijan lot moun yo ye
Rive nan kay la li chita
Li mande ti gout dlo
M pral montrew kijan lavi li ta pral blo
Sa Asefi pat konprann
Vites ak presipitasyon pa janm antann
Gad kounya li pran kabann
Pa gen kenn gason ki vin mandel sa lap vann
Asefi o sefi o
Gad kijan laviw pase
Natali o tali o
Gad kijan avniw pase
A 2 zan daj
Li kte Natali nan men manmanl
Ki son enfim
Lel ta prale a te dil poul pran san'l
Demen l leve li di zanmi an merci m prale
Zanmi an di m nan kay la pou kont mwen pitow rete
6 mwa pase li poko ka jwenn okenn degaje
Zanmi an ap bougonnen akey la te vin chanje
Yon jou maten li deside zanmi an poul kesyone
Kisa wap fe ki fe tout bagay sa yo w posede
Zanmi an reponn se sou trotwa
Mwen al kanpe chak swa
Ak 20 dola nenpot gason k vini mwen pa gen chwa
M te vle diw sa
Siw vle map entegrew nan metye a
Asefi san reflechi di wi sete denye espwal
Jou ap pase
Mwa ap pase
Asefi tap byen brase
Voye lajan jeremi fe bouch fanmi an ka brase
Li deraye
Mande anraje
Tout gason se li yo vle
Fe enpridans ak lavi
De fwa tet lil pa pwoteje
1 an pase
2 zan pase
Malez yo te komanse
Vomisman tet fe mal
Defwa konn metel kouche
Li gen diare
L'ap desose
Sou li bouton pran pete
Kounya le li al travay
Yo pa mandel sa li pote
Gran san l pa ka fe anko
Zanmi an vin pa bal bo
Rive menm metel deyo
Asefi sanble ak yon mort
Malgre sa l still al travay
Li pa jwenn poul tou li pa jwenn pay
Nan makrel li domi koz li pa gen kay
Ak fatig yo lap batay
Yon jou l leve benyen
Met rad sou li pou li al bouske
Ouve pot la met pyel deyo
Rapid Asefi tonbe
Moun kap pase kouri pranl
Menenl lopital jeneral
Pou yo we si yal bal swen
Pou li fon check up jeneral
Dokte vini li pran san
Fe test pipi san pran tan
Cheke sik cheke tansyon
Gadon move sansasyon
Pozel kesyon Kote paranl
Pou yo ka bal rezilta
Lel mande kisal genyen
Yo di madanm ou gen SIDA
Sa Asefi pat konprann
Vites ak presipitasyon pa janm antann
Gad kounya li pran kabann
Pa gen kenn gason ki vin mandel sa lap vann
Asefi o sefi o
Gad kijan laviw pase
Natali o tali o
Gad kijan avniw gache




Fantom - Salute Vol.1
Album Salute Vol.1
date de sortie
15-04-2013




Attention! N'hésitez pas à laisser des commentaires.