Kado - Power of Love paroles de chanson

paroles de chanson Power of Love - Kado



Mwen pral di w yon sekrè Ki nan mwen lontan
M konen sa ap etone w Mèt kwè m se verite
Bondye nan syèl konen Kijan ke mwen renmen w
Se pi gwo mal mwen ta si mwen pa ta di ou sa
Lanmou g on jan l manifeste
Ou mèt sa ou vle
Se k ap deside
Pouki pou m kwè w renmen m
Mwen se pitit Sòyèt
Wabite nan on chato, mwen rete nan ghetto
Nou pa menm ran sosyal nou pa sanble
Wa di kijan sosyete a pral gade nou
Si m ta chwazi yon moun ke m pa renmen
Pou m lasosyete plezi
Sa tap rann lavi m mizerab
E si tout fwa paran m ta entèdi m
Pou anpeche lanmou m grandi
Se pi gwo mal yo ta nou
Lanmou pa gen wo ni l pa gen ba
Mande Ti Blan la di w
Lanmou pa konn afè ran sosyal
Ti Doktè vin eksplike l
Lanmou pa konn blan ni l pa konn nwa
Lanmou pa gen koulè
Lanmou pa nan prejije
Lanmou pa gen wo ni l pa gen ba
Mande Ednol la di w
Lanmou pa konn afè ran sosyal
Marcelin Lalane vin eksplike l
Lanmou pa konn blan ni l pa konn nwa
Lanmou pa gen koulè
Lanmou pa nan prejije
Ti Lunèt
M konnen yo pral pale
Yo pral pèsekite m
M konnen sa pa fasil
Se nou k pou deside
Pou mwen sa enposib
Pa gen okin garanti
Se mwen ki pral kriye
Lanmou sa pap dire



Writer(s): James Momplaisir


Kado - Maturite
Album Maturite
date de sortie
07-12-2017




Attention! N'hésitez pas à laisser des commentaires.