Angèle - Dezi-M текст песни

Текст песни Dezi-M - Angèle



Dezi m se pou m avanse
Avanse san lage
Dezi m se pou m avanse
Nan chemen yan
Mwen vle atenn charite a
Ki se lyen pèfeksyon an
Mwen pa vle gade dèyè ankò
Dezi m se pou m obeyi
Obeyi tout lwa w yo
Dezi m se pou m obeyi
Kòmandman w yo
Mwen vle soumèt ou tout vi mwen
Pou m ka ranpote pri kous la
Mwen pa vle gade dèyè ankò
Dezi m-se pou m yon ekzamp
Yon ekzamp sou sa
Dezi m se pou m yon ekzanp
Nan fen tan sa
Mwen vle konbat bon konba vi ya
Pou m ka ganye kouwòn nan
Mwen pa vle gade dèyè ankò
Dezi m se pou m yon venkè
Yon venkè nan mond sa
Dezi m se pou m yon venké
Sou feblès yo
Mwen vle pou non m rete ekri
Nan liv vi papa mwen an
Mwen pa vle gade dèyè ankò
Mwen vle atenn charite a
Ki se lyen pèfeksyon an
Mwen pa vle gade dèyè ankò
Mwen vle soumèt ou tout vi mwen
Pou m ka ranpote pri kous la
Mwen pa vle gade dèyè ankò
Mwen vle konbat bon konba vi a
Pou m ka ganye kouwòn nan
Mwen pa vle gade dèyè ankò
Mwen vle pou non m rete ekri
Nan liv vi papa mwen yan
Mwen pa vle gade dèyè ankò
Mwen pa vle gade dèyè ankò
Mwen pa vle gade dèyè ankò
Mwen pa vle tounen dèyè ankò



Авторы: Angele


Angèle - Si Mwen Vivan (If I Am Alive)
Альбом Si Mwen Vivan (If I Am Alive)
дата релиза
13-11-2008




Внимание! Не стесняйтесь оставлять отзывы.