Arly Larivière - A qui la faute текст песни

Текст песни A qui la faute - Arly Larivière



Pa konn kijan pou'm eksplike'w kijan'w chanje
La personne que j'ai rencontré a disparu
Jodi a ou vin yon etranje au visage familer
Tanpri pa mande'm viv avèk yon inconnu
M'te tèlman swaf renmen, mwen te parèt naif
San pour autant mwen pat stupid
Ou te fè'm kwè nan ou jan'm kwè nan levanjil
M'te ekziste poum fè'w plezi
(2 fois)
Ou te tèlman fè'm kwè nan ou
Mwen tap viv sèlman pou ou
Yo te di'm se pou 2 jou
M'te di yo jalou
2e La majeure parti de notre temps, nou te konn à 2
nou pat fizikman ansanm, nou te nan telefòn
Pawòl yo te si konvenkan ke mwen pat ezite
Neglije kelkeswa bagay ki te yon obstak
Si jodi a map soufri, se paske mwen te kwè'w
Mwen te kwè nan tout sa ou te di'm
San'm pa poze kesyon, sanm pat yon incredule
M'te ouvè mwen pou'm renmen'w.
Ref.
Gen de bagay mwen te konn repwoche'm, men se te avan'w
Fwa sa kisa mwen fè, pou'm merite trètman sa
Mete kè'm, mete kò'm, met tout mwen menm
Paske'm te kwè nan ou, ou fin fè'm san defans
Soti pou lage'm nan kouri(mechan)
En très peu de temps, mwen te konfye'w tout lavi mwen san rezèv
Et encore une fois, le bonheur m'a échappé du bout des doigts
3e Si se yon mal, ke'm fè'w san'm pa reyalize
Pa kenbe mwen nan kè'w, rancune se yon obstak pou lanmou
Li pa enpòtan pou nap chèche a qui la faute
Li pap sèvi'w anyen, pou gen rezon epi kè'w pa kontan.
Depi nou toulè 2 ansanm, toulè jou se te holiday
Kòman pou sa pa deranje'm, lè'm a kisa nou reduit
Mwen pret pou'm kriye haut et fort
Mwen ka esye l'mpossible, pou'w ka fè'm santi'm enpòtan
Mwen pa kwè se trop demandé.



Авторы: Arly Lariviere


Arly Larivière - Arly's Collection II : Nu Look
Альбом Arly's Collection II : Nu Look
дата релиза
04-03-2013


Еще альбомы все альбомы


Внимание! Не стесняйтесь оставлять отзывы.