Baky - 100 Vérités текст песни

Текст песни 100 Vérités - Baky



Se pa chak jou ou pa solèy pou'w panse'w pral lapli
Sekrè avèg, siw fèmen je'w, ou ka lap li
Chak fwa'w fèb, Lapriyè Se ka sèl apwi'w
Si se vre'w vle viv an pè, anndon'w sèkèy se ka sèl abri'w
Nan mond sa, se pa tout bb ki jwenn bèso man
Ou ka vi'w single siw ap chache the best Woman
Dim se vrè ou pa?
Kwè nan jistis men raple'w dèfwa tribinal pa kondane vrè koupab
Ou ka chite
Pouw pa tonbe yo kite'w bite'
Nou chak ka gon ide tan poun antann nou'n pito lite
Sonje, nan Oposizyon pa vle di'w nan lagè
Lapè, akoz de nou twòp ti jeunes al anbatè
Nou wè, men nou fouye bouch nou nan zafè yo
Nou vote Leader yo Men nan mind nou nou pa fye yo
Nou just fèmen je'n poun vale tout sa yo rann
Nou pa jwenn sa nou mande so n' Reziyen'n ak sa yo bann
Epitou
Nèg yo rich nan Kriz nou
Yo kache mechanste anba veste ak kèk bèl Diskou
Yo plis sou pale anpil men youn pap Pote yon èd
Yap touche milyon chak mois men youn pap regle yon merde
M bouke pa jwenn pandan plen nèg kap plen men
Bouke wè'n kap gaspiye Pandanm gon pèp kap trennen
M bouke grangou Pandan ke gran nèg kap mennen
M bouke jè'n fi 16 ans ak granmoun 100 ans kap renmen
(M bouke)
Poum pa nou, Se 2 je'm poun pete
20ans d carrière ap travay poum fon kay prete poum prete
Nou fè'm twòp, Nap ofri'm bwè, nou pap la kon'm vomi
Ou isit, Neg ap tiye rev ou menm avanw domi
twal vi a kout pou ou
Pa gon nèg kap koud pou ou
Saw boule kawoutchou pou li a l pap boulon mil goud pou ou
Wap mande'l klere'w men'w pap mande'l ki Pri limyèl
Dèfwa se lè'w gade'w nan glas ou wè'w t'anfas yon kriminèl!
Di yo, Sant fatra peyi'm monte mezi nen mwen
Men'n kòm si'n pa wè, So map oblije Reziyen mwen
Sou kòb tax map peye, Men'm paka jwenn sèvis
Pwouvon atis nou renmenl se nap
Plenl ak RIP
Nou gate
Yon Société raté
Koike'n te aprann mache nou te prefere bwate
M wèw te prefere gade tan pou'w aji
Ou te vle jete vodou pandanw tap plas pou maji
Frè'm M wè'w, e chak lè'm gade'w m ka we doulè'w
M ka bote'w, m ka po'w menm pap koulè'w
M pa black, m pa milat, m won sèl seri moun
M won sèl Nasyon, yon sèl pèp nan sèl Peyi nou
Men Peyi'm divize gen twòp konba ladanl
Politisyen isit gen twòp pouvwa ladank
Men lè'm jan nou chak ap trete youn lòt
E chak fwa'w panse se sèl pou ou Pa gen règ
Met nan tèt nou nap tonbe jou nou ta kanpe anfas yn pèp



Авторы: Lugendy Baptista Saintibert


Baky - Echec Et Mat
Альбом Echec Et Mat
дата релиза
30-05-2018




Внимание! Не стесняйтесь оставлять отзывы.