Текст песни




Ou son manje an pwazonnen ki gou nan bouch mwen
Yon lanmou ak plen Ki vle banm tounen
M anvi pouse w m anvi jete w menm vle w ret sou mwen
Ou rayi m m renmen w se tout sam santi anndan mwen
Ou pran m ou rache l', mete l dòmi nan seren
Nan mwen mal Ou pran plezi ou pa janm fennen
Ou pran tout tan w. Ou pran san w pou ou ka fèm lapèn
Babe, ou bliye sa w ye pou mwen
Epi w derefize ou pa vle pou n lapè Oooohh
M pa konn kisa pou m ta bay ankò
Pase tout tan ap batay pou nou ka viv an
Babe, ou bliye sa w ye pou mwen
Epi w derefize ou pa vle pou n lapè Oooohh
M pa konn kisa pou m ta ankò
Ti krik ti krak
Ou byen boude se la w pran tout vi m
Achiv ou byen Monte pou w toujou jwe wòl viktim
Se byen domaj ou pa ka se ou kap krim ohhhw
Ou pran tout tan w. ou pran san w pou ou ka fèm lapèn
Babe, ou bliye sa w ye pou mwen
Epi w derefize ou pa vle pou n lapè Oooohh
M pa konn kisa pou m ta bay ankò
Pase tout tan ap batay pou nou ka viv an
Babe, ou bliye sa w ye pou mwen
Epi w derefize ou pa vle pou n lapè, oooohh
M pa konn kisa pou m ta ankò
-Troubleboy-
Ou bliye sa w ye pou mwen m pat atann
Mwen m konn sa m ye pou ou m pa konprann
Ou dim ou pa care
Tout sam di ou pa kwè
Men an réalité m konfonn
Ou m konfonn jwa ak tristès paske m kote w fache
M avè w m pou m paske kontantman w kache
Epi marye ak tris tan w paske tout sa m di w fache
M anvi kite w m pa kapab paske m ap rache
M pa bezwen pri m peye lòv renmen ebyen m peye pri a
Kite w kraze m lanmou m ba ou piyay
M gade jan w ap viv avèm m di banm solo
Bagay sa ap sakaje m Nicky banm solo
Solo Solo Solo (4)
Ou son pwazon pou mwen (4)
(Nicky banm solo)
Solo Solo Solo (4)
Ou se maladi mwen
Maladi mwen ooooh
E medikaman m an menm tan
An menm tan (An menm tan)
Maladi mwen
E medikaman m an menm tan
An menm tan (An menm tan)
Ou tankou yon kleren
Menm sim konnen w pral banm tèt mal
m bwè w kanmèm
Yon manje gate
Menm sim konnen w pral banm vant mal
m pran w kanmèm
Cheri, ou se maladi mwen
Maladi mwen
E medikaman m an menm tan
An menm tan (An menm tan)
Maladi mwen
E medikaman m an menm tan
An menm tan (An menm tan)
Ou tankou yon kleren
Menm sim konnen w pral banm tèt mal
m bwè w kanmèm
Yon manje gate
Menm sim konnen w pral banm vant mal
m pran w kanmèm



Авторы: Crystal Flores, Lord Jolissaint, Sanders Solon, Mackendy Talon


Harmonik feat. Troubleboy - Pwazon
Альбом Pwazon
дата релиза
07-08-2022

1   Pwazon



Внимание! Не стесняйтесь оставлять отзывы.
Загрузка
Загрузка