KANIS feat. Lòlò (Boukman Eksperyans) - Vèvè Lokal текст песни

Текст песни Vèvè Lokal - KANIS feat. Lòlò (Boukman Eksperyans)



Yo mwen reprezante Ayiti
Pye palmis, libète pou pèp nwa
M se gran midi pou soulèy
M se je lalin pou nwa
M se sekrè ki kache nan lwa yo
Fòs ki kache nan bwa yo
Pòt pawòl tout espri ginen
Chak m pale, nap ka tande vwa yo
M se pitit Afrika, e a son beni
M se fèy tretman gwo midi
M asire a son geri
Mwen pote Kat pou sen Jòj
Limyè pou Zeklè
Kwa pou sen Pòl
Antèn pou sen Klè
Flè pou sen Jozèf
Èd pou Filomèn
pou sen Jak
Pòt pou sen Pyè
Se vwa pèp sak bliye rout li
Rele m lidè a
M ap plede wete baboukèt nan dyòl
Ti pèp sa nou te vle bride a
Se vodou a ki montre n sa n ye
Se ginen an ki montre n sa n ye
Se lanmou ki n sa n ye
Se rapsin no no
Ayibobo!
Sa son bon vèvè lokal
Ayibobo!
Sa son bon vèvè lokal
Ayibobo!
Gadon bon vèvè lokal
Ayibobo!
Sa son bon vèvè
w tande raga, Vodou raga
Tankou map rap, map pat kata
Souke tchatcha, zakata kata tata telema
Lakay pa m papa kole baka an
M bezwen tande vwa m
Tande w si m pata prè w
Madi gra zafè w, Gen granmoun nan kay la
M paka w
Tout balènn fon ti limen
Nou bouch dandi kimen
Met tanbou rasin pou lokal
M bokal rap santi ginen
Mwen bay defi m anvi pran yo
Se sèl fanm nan mitan yo
Se swazo kap fredone rap
Ak melodi lèm vle domi pran yo
Baw kontè pou pa mande m priz
Ou ka tande m pliz
Bow sekre ki gen nan vodou
Lèm rele lwa pou pa tonbe kriz
E rap mwen bese zam ki brake
Ouvè pòt ki takle
Pipobeat ap trase vèvè
Wap bezwen rap Niska pou plake
Men Se vodou a ki montre sa n ye
Se ginen an ki pou montre sa n ye
Se lanmou ki n sa n ye
Saw ye
Men sa w ye menm
Ayibobo!
Sa son bon vèvè lokal
Ayibobo!
Sa son bon vèvè lokal
Ayibobo!
Gadon bon vèvè lokal
Ayibobo!
Sa son bon vèvè
M se mistè
M se lespri
Men enèji
M se Kongo
M se sentif
Mwen Tayino
Mezanmi
Mwen paka bliye tèt mwen no
Mwen paka bliye tèt mwen
Mwen paka bliye tèt mwen
Eske w tande
Eske w tande
Eske tande
Ou tande



Авторы: Inconnu Compositeur Auteur, Jean Philippe Brierre, Niska Garoute, Theodore Beaubrun


KANIS feat. Lòlò (Boukman Eksperyans) - Eneji
Альбом Eneji
дата релиза
20-12-2017



Внимание! Не стесняйтесь оставлять отзывы.