Klass - I'm Sorry (Live) текст песни

Текст песни I'm Sorry (Live) - Klass



Hey baby, I feel so sorry
Oh oh oh oh
Hey
mennaj mwen te gen dizwit an, Yon gwosès met pye nan neglijans
Pawòl anpil presyon paran Te n kwè l pat pare pou l manman
Manzèl te toujou reve pou l ta ban mwen yon bebe
Men m pat ko gen maturite, te reponsabilite
Mwen tonbe bal presyon pou l dilatasyon
Pou mwen se te sèl solisyon
Men depi sa fin pase, konsyans mwen pa janm dòmi
Wi chak fwa m yon bebe, I feel so sorry
I'm sorry, I'm sorry
M pot ko konprann lavi
I'm Sorry
Woy
K L A S S - Klass nan vil la
M ap tann nou tout
Oh oh oh oh oh oh
Guito zanmi m, aya man
Ay mwen di timoun nan pral tonbe, li pral avòte
Menm nan klinik avè l mwen pate ale
Mwen te rete ak zanmi m, panse m se bon jennjan
Ala bagay ki lèd se on nonm inyoran
Moman l te plis bezwen prezans mwen li pat ka jwenn mwen
Se sa m dezète l, sa m ret pli lwen w
Li te ka pèdi lavi l, avòtman gen peril
Mwen pa konn kite w ye, cheri si wap tande
Mwen mande padon Cherie
Konsyans mwen soulaje
Klass nan vil la
Oh oh oh oh oh oh oh oh
lanmou pa gen aksidan tande
Kijan w eksplike se aksidan l ye
Si pa genyen vyole, si kòdon w pa chire - Neglijans li ye
Gen de vi k gache, jete l gen danje
Si se timoun ou ye prefere w evite
Timoun koute chè si w pa pare
Di m kisa w pral si w pa pare
Vi w ka gache si w pa pare
Vi pa l an danje si w pa pare
Li pa mande fèt si w pa pare
Pito w mete chosèt si w pa pare
atansyon si w pa pare
Pran prekosyon si w pa pare
Pa vin di m se aksidan
Kijan w eksplike se aksidan l ye
Si pa genyen vyole, si kòdon w pa chire - Neglijans li ye
Gen de vi k gache, jete l gen danje
Si se timoun ou ye prefere w evite
Timoun koute chè si w pa pare
Di m kisa w pral si w pa pare
Evite bon si w pa pare
Pase mande padon si w pa pare
Li pa mande fèt si w pa pare
Pito w mete chosèt si w pa pare




Klass - Fè'l Ak Tout Kè'w Live 1
Альбом Fè'l Ak Tout Kè'w Live 1
дата релиза
26-06-2017




Внимание! Не стесняйтесь оставлять отзывы.