Roody Roodboy - Pran swen li текст песни

Текст песни Pran swen li - Roody Roodboy



Se pa sa k fèt la, se ak kiyès li fèt la
Se trayizon an
Kou a di, li reponn mwen anba
Si moral mwen pat wo, jodi a m te ka anba
Ou te yon zanmi, ti kolonn pa m, ou mèt kwè m
W ap kouche ak fanm mwen epi w m w ap rele m frè m
W ap bwè byè m, w ap plede trip avè m
Lavi m te piblik man, ou te konn tout afè m
Pouki se ou? Pa gen anyen m te konn sere w
So m ekri mizik sa a pou m konseye w
Pran swen li, jere li
Paske li se yon bèl fanm ak yon bèl pitit fi
Pran swen li, jere li
Petèt li te merite yon moun miyò ke mwen
Sa k m mal la, se paske m konnen w pap ret avè l
W ap just ba li de kou epi tou w ap brize l
Pale de li nan baz ou pou di jan ke w trip avè l
San ou pa rann ou kont ke w ap met fen nan karyè l
Kote l pase yo pral di gade vwazin lan
M te ou konfyans epi w al jwe nan ti pati m nan
M santi m prèske fou, genlè m ap fout pati pati m nan
M reziye m pèdi paske m pa vle pèdi lavi m nan
M pa ka fin panse avè l
An desanm m te gentan plan pou m fiyanse avè l
Trouble sa k pase la a tout moun vin ranse avè l
Si jodi a tanbou lou se paske w fin danse avè l
Mwen konsyan mwen pat dwe leve men sou li
M pat janm vle l kriye, m toujou vle pou l souri
Emosyon, wi twòp emosyon yon senp ti aksyon mennen on kokenn chèn reyaksyon
M ap mande padon, padon
Na konprann mwen, m espere n konprann mwen



Авторы: Roody Roodboy


Roody Roodboy - Pran swen li
Альбом Pran swen li




Внимание! Не стесняйтесь оставлять отзывы.