Emeline Michel - Fè van pou mwen (Live) paroles de chanson

paroles de chanson Fè van pou mwen (Live) - Emeline Michel



Grenn sèl isit kite barik pran lari
Tounen teson gravye pou manje malere
Li midi tout bourik ap ranni
Pandan kabrit ap simen fanmasi
Solèy la ap boule m
Li vle m anraje
Dlo nan je m, dlo nan m
M'ape swe tout kote
van pou mwen cheri
van pou mwen
van pou mwen cheri
van pou mwen
Woy, woy, woy
Woy, woy, woy
Woy
Pandan m'ap di w sa mayengwen debake
Ak yon dividal mouch k'ap kwense m k'ap mode m
Li midi, men tout klòch ap sonnen
Ferayè sou bòdmè dechennen
Yon fèblantye k'ap pase, k'ap m fou, k'ap rele
K'ap mande achte bonm ak chodyè ki kreve
van pou mwen cheri
van pou mwen
van pou mwen cheri
van pou mwen
Woy, woy, woy
Woy, woy, woy
Woy
Men pa gen van k'ap soufle
Ki kote van pase
n jis tan karèm tan rara rive
Le nòde pechè lanmè
frechè ap pouse do chalè
sa cheri m'a simen bèl franj sou ou
M'a w monte nan syèl tankou yon sèvolan
Pot fil pou mwen timoun, pot fil pou mwen
M'anvi file w cheri, gen van
Woy, woy, woy,
Woy, woy, woy
Woy
M'anvi file w cheri, gen van



Writer(s): Boulo Valcourt


Emeline Michel - Gratitude (Live in Paris)
Album Gratitude (Live in Paris)
date de sortie
13-01-2015




Attention! N'hésitez pas à laisser des commentaires.