Emeline Michel - Mèsi lavi - Live paroles de chanson

paroles de chanson Mèsi lavi - Live - Emeline Michel



M'bare soley la kap benyen
Yon kanaval koule mélange
Mwen di mesi pou de gren'n je'm
Pou ke'm ki nan mitan ko'm
Ki pap janm bouke renmen
Mesi pou men'm ki karese
Tout moun lanmou mennen lan vi'm
Mesi pou se'm, manman'm, zanmi'm
Ki la ki kanpe kote'm
Pou kore'm lo'm pral tonbe
On jou mwen ri, on jou m'kriye
Konsa lavi'm ap deploye
Genyen rezon pou'm ta plenyen
Men pito'm konte tout sa'm gneyen
Defwa'm lite m'degrengole
Men le'm tonbe m'toujou leve
Sou de pye mwen ki pote mwen
Kote tout sous dlo yo ap koule
Mesi pou vwa'm ki kap pale
Tou sa nan'm mwen pa ka sere
Pou zorey mwen ki ka tande
Yon fre'm ki bezwen pale
Lo problem yo vle pote'l
Mesi pou moun ki pa jije'm
Ban mwen lanmou le yo kwaze'm
Toujou vini pou yon bravo
La lo'm pedi adres mwen
Lo van yo ap pliye'm
On jou mwen ri, on jou m'kriye
Konsa lavi'm ap deploye
Genyen rezon pou'm ta plenyen
Men pito'm konte tout sa'm genyen
Defwa'm lite m'degrengole
Men lo'm tonbe m'toujou leve
Sou de pye mwen ki pote mwen
Kote tout sous dlo yo ap koule
Mesi, mesi, mesi laviDe pye'm, de men'm, de je'm, de zorey mwen
Mesi lavi
Mesi, mesi, mesi lavi



Writer(s): emeline michel


Emeline Michel - Gratitude (Live in Paris)
Album Gratitude (Live in Paris)
date de sortie
13-01-2015




Attention! N'hésitez pas à laisser des commentaires.