Niska feat. Fatima - Espas paroles de chanson

paroles de chanson Espas - Niska , FATIMA



Santi'm tris
konsyans mwen ak santiman mwen konplis
M konnen'm gen tò, m raple'm tout mwen fe enjistis
Pou tout m konnen mwen kase
Pou mizè m fe de moun pase
Tout bon souvni nou efase
M swete'n ka met sa dans le passé
M tank'on vag, m poko la m' gentan kite
On jou'm rale'l, on jou'm lage'l, on jou m' poze m'ajite
Epi'm bay vag, wi se vre, twop opsyon m pa't konn sa'm vle
M te gen foli, pran pòz player fe tout neg yo fe kòve
Kounya se "Karma"
M pran nan drama
Le'm m' kouche anba dra
Gad kijan mwen pran nan traka
M telman pase yo tout nan fatra
Frap m pran frap epi'm we lanmou'm te fe bak
On ka syek se te yon etap nan vi'm kounya m' met pase'm nan on sak
Santiman mwen ap jwe lago kache ave'm (lago kache)
Tout efò'm konsyans mwen ap goumen ave'm ohhh
Menmsi'w pa kwè'm
Mwen vle di'w tout sa ki nan kè'm
Santiman mwen kache ap jwe lago kache ave'm
Li 3h nan matin m sou balkon m'ap panse a ou
Panse a tout sa'm t'anvi di'w
M pa di'w mwen pou'm pedi'w
E si'm pa't kwe'm m t'ap di'w tout sa'w anvi tande
Tanpri cheri pa tante'm m gen move defo m s'on danje
X mennaj mwen pa pale ave'm, kominikasyon nou koupe
Li te vle travay relasyon an men m pa't janm gen tan m te okipe
Ti erè fe gwo efè
Twop ògey m chaje febles
Fe mizik pou'm jere stress
M ret poukò'm pou'm pa fe vye jès
E'm pa fe pèson konfyans m te bay tout benefice du doute
Kounya m'a bout, bout kenbe kòd la kout m tankou makout
Nan sans yo tout t entimide
Eskize'w mwen p'ap bliye
Men imilye'm, m konnen'm s'on balans lespri'm ekilibre
Santiman mwen ap jwe lago kache ave'm (lago kache)
Tout efò'm konsyans mwen ap goumen ave'm ohhh
Menmsi'w pa kwè'm
Mwen vle di'w tout sa ki nan kè'm
Santiman mwen kache ap jwe lago kache ave'm
Pou mwen lanmou te domino
Si'w pa gen zo w pase'w kanpe
Mwen pa't gen tan m pa't pedi tan
Avek gason mwen pa't ret tann
Kounya'm bezwen lanmou
Mwen bezwen afeksyon ak atansyon (yeh eh yeh)
Kounya'm bezwen lanmou
Mwen bezwen afeksyon ak atansyon (yehhh)
Santiman mwen ap jwe lago kache ave'm (lago kache)
Tout efò'm konsyans mwen ap goumen ave'm ohhh
Menmsi'w pa kwè'm
Mwen vle di'w tout sa ki nan kè'm
Santiman mwen kache ap jwe lago kache ave'm




Niska feat. Fatima - Enèji
Album Enèji
date de sortie
25-12-2017



Attention! N'hésitez pas à laisser des commentaires.