Niska - Enèji paroles de chanson

paroles de chanson Enèji - Niska



NISKA- DANJERE®
Yeah yeah yeah
Gen sa'k ta di nou jèn nou danjere
Lavi di pa vle di n' pa ka jwi lavi jan nou vle
Menm nan griyen dan n' konnen'm toujou dan sere
Bondye pa'm nan pa di si'm peche li pap padone m (Manman)
Se pa fòt mwen
M'ap monte mòn lavi sa a, m'pa poukont mwen
E'm chaje temwen
Se pa fòt mwen (Manman)
M'ap monte mòn lavi sa a, m'pa poukont mwen (Manman)
E'm chaje temwen
Gen sa'k ta di nou jèn nou danjere
Lavi di pa vle di m' pa ka jwi lavi jan mwen vle
Menm nan griyen dan n' konnen'm toujou dan sere
Bondye pa'm nan pa di si'm peche li pap padone m (Manman)
Nou tout gen defo
Sa k'ap rele'm manbo
M'tande non'm eko
Fout kite'm an repo
Tèt mwen pa klè, m'pa
Si'w moute sou mwen mal, w'ap atè
Konnen'm sansib a la gachèt(a gachèt)
E'm pa nan zafè ak malfektè
Padone mwen
M'ap monte mòn lavi sa a, m'pa poukont mwen
E'm chaje temwen
Se pa fòt mwen (Manman)
M'ap monte mòn lavi sa a, m'pa poukont mwen (Manman)
E'm chaje temwen
Gen sa'k ta di nou jèn nou danjere
Lavi di pa vle di m' pa ka jwi lavi jan mwen vle
Menm nan griyen dan n' konnen'm toujou dan sere
Bondye pa'm nan pa di si'm peche li pap padone m (Manman)
Bondye, padone' mwen
Se pa sou sa a m'vle kite non'm nan
Ban'm limyè, kite enèji'w gide mond lan
N'ap kontinye sou chimen danjere ak solda malgre kèk blese
De je'm kale map gade tout egri yo jamè n'pap wè'm tèt bese
Yow m'fè nenpòt sa'm vle, dayè m'pa gen mèt
Dayè m'pa gen pitye, konnen'm kache lèd
Rele'm NISKA bèt nwa, dèyè'm ka gen dèd
Sa'k ap tonbe tonbe tonbe nèt, lagè pa gen rèk
Neg yo kon bann fomi fo
Yo pa vle tande verite, yo ban'n fo mikro
M'pa gen foli flo
M'pa gen foli fo e fon
E m'ap stil kenbe flanbo rap
Aprann fo nan fo
Se pa fòt mwen
M'ap monte mòn lavi sa a, m'pa poukont mwen
E'm chaje temwen
Se pa fòt mwen (Manman)
M'ap monte mòn lavi sa a, m'pa poukont mwen (Manman)
E'm chaje temwen
Gen sa'k ta di nou jèn nou danjere
Lavi di pa vle di m' pa ka jwi lavi jan mwen vle
Menm nan griyen dan n' konnen'm toujou dan sere
Bondye pa'm nan pa di si'm peche li pap padone m (Manman)...




Niska - Enèji
Album Enèji
date de sortie
25-12-2017




Attention! N'hésitez pas à laisser des commentaires.