PIC - Kinan'm paroles de chanson

paroles de chanson Kinan'm - PIC



Yon fanm ni amateur ni pro feel
M renmenl se pa pou profit′l
Pou lot fanm pa dim whtsapp?
Mwen toujou met foto'l sou profil
Em ofril ni ni nanm mwen
Tout santiman ki nan mwen
L′kite nan mwen bon souvni se sak fèm ka dil te kinan'm
Yon fanm ni amateur ni profil
M renmenl se pa pou profit'l
Pou lot fanm pa dim whtsapp?
Mwen toujou met foto′l sou profil
Em ofril ni ni nanm mwen ak tout santiman ki nan mwen
L′kite nan mwen bon souvni se sak fèm ka dil te kinan mwen
Boutey kleren, kreyon nan men, menm jan ak, nwit lan fey la blanch
Sou yon vag insomni mw jwenn kek mo kap f laplanch
Tranch pa tranch
Mwen te santi ti kèm tap dekoupe
Pou jan tristès te sène jwa'm sanl pat menm wout dekoupe
Mte koube anba tout prensip, jiskakske′l pa règ li
Mte panse'm gen fanm men mwen mpat janm neg li
Pèdi wout tankou ti zwazo ki pa swiv bèk li
Son fanm ki renmen zo, sitou lèl di′l nan lang bèg li (zo2)
L'fè bag li, iceberg li pa fonn anba lapli
Li di′m gen bon mikwo mwen met bon bit anba rap li
Li dim gen valè pase ja, presye ke monnen anba nap li
Li renmen lem metel anlè memsi se ta anba'l nap li
Laplipa de relasyon ki klass kraze tankou zenglen
Yo fèl pran gaz sou mwen'l vle pase ray tankou se tren
Pranm pou kreten, tankou petren li te fem boulvèse
Si dlo nan je′m neye chagren kanmem li te fet poul vèse
Lapli chagren patap mouyen sil banm prediksyon meteo
Keyi fle nan jaden love se devan pye′l mwen mete yo
Men'l wete yo malgre′l konn se kèm ki te keyi chak grenn
Tristes anpare'm pa gen resipyan′k ka kenbe chagren'n
And i didn′t wanna let u go but u told me that u supose to
M'anvi remonte l'temps e sesi mtap mete′l sou poz poum
Gade′w nan je
Yn dènye fwa poum diw janm te santi'm
Chak lm baw love ki te so goud men ki pat koutew yon santim
Yon fanm ni amateur ni pro feel
M renmenl se pa pou profit′l
Pou lot fanm pa dim whtsapp?
Mwen toujou met foto'l sou profil
Em ofril ni ni nanm mwen
Tout santiman ki nan mwen
L′kite nan mwen bon souvni se sak fèm ka dil te kinan'm
Yon fanm ni amateur ni profil
M renmenl se pa pou profit′l
Pou lot fanm pa dim whtsapp?
Mwen toujou met foto'l sou profil
Em ofril ni ni nanm mwen
Ak tout santiman ki nan mwen
L'kite nan mwen bon souvni se sak fèm ka dil te kinan mwen
Chak swa nwit mwen pi ante
Koz relasyon′n te pimante
Yo argumante, m′sèmante apre li kèm pral simante
Yon senp rega'l afolem, chair de poul si dwèt ta fwole′m
Li se sel drug ki dekole'm
Li te kore′m, li dekore'm
kèm fatige li banm masay
Li se lonbraj e menm nan blackout li by my side
Li se planch mse goyin
M se ewo l′se ewoyin
Enposib pou separe'n like paranoy ak héroines
Sant kòl ki te pafen'm
Komansman e la fin′m
Nan riches kou nan mizè li t vant plenm li te la faim′m
Nan difikilte l'met ezans
Nan vi′m li mete sans
Epi ti kèm son tank ki te vid ladanl li met esans
Men'm mpat konn si′l tap ka nike'm
Mpat konn si′l tap panike'm
Li te tet mwen, li rann mwen bet menm pat konn si'l tap ka ni ke′m
Bouke mache dèyè fanm ki pap fon ti pa pou mwen
Sim pa goumen, se paske KINAN′M gon pitit ki pa pou mwen!
Yon fanm ni amateur ni pro feel
M renmenl se pa pou profit'l
Pou lot fanm pa dim whtsapp?
Mwen toujou met foto′l sou profil
Em ofril ni ni nanm mwen
Tout santiman ki nan mwen
L'kite nan mwen bon souvni se sak fèm ka dil te kinan′m
Yon fanm ni amateur ni profil
M renmenl se pa pou profit'l
Pou lot fanm pa dim whtsapp?
Mwen toujou met foto′l sou profil
Em ofril ni ni nanm mwen
Ak tout santiman ki nan mwen
L'kite nan mwen bon souvni se sak fèm ka dil te kinan mwen




PIC - Lem Ap Ekri
Album Lem Ap Ekri
date de sortie
07-05-2016



Attention! N'hésitez pas à laisser des commentaires.