PIC - An Rezime paroles de chanson

paroles de chanson An Rezime - PIC



Yeah, what′ up surge
It's the P to the I to the C niggo
Yeah
Menm sim t kalkilatris sou mwen kèk moun pa tap konte.
Pou kantite men kanndan kounyam pa ka konte.
Monte level san beef, menm lonbraj mwen m′ pat afwonte.
M pat ka FON TE anplis m tap pran twòp tan sim tap rakonte.
#An rezime, m pote flow, yeah m pote rhymes.
An rezime, m pote skills, yeah m pote vibes.
An rezime, m pote gete, m panse poum panse tèt pete.
An rezime, speaker ak plafon m rap krèyol pete.
Lew bezwen bon rap tchekem vin ak yon veso.
M son ekstraterès e game sa son veso.
M'ekri dwat m'ekri kwochi se poum ka dresew.
Siksè son lopital, m pansew ka la sanm pa blesew.
Fanm relem papi, m hit san Nikòl ti babay.
M panse gran, m abtinans poum pa ti bagay.
Poum pa pile 14 m tou tache ak 13 mwen
M pa vin pran plas pèson m te tou mache ak chèz mwen.
#Banm 1 beat, #toutotanw kapab, #lem ap ekri mwen #ensasyab.
#Maprann san lanmè pa gen plaj menm siw ta plen ak sab.
M pa janm rakousi menm sim rate etap
Debitan Fred sotem klas depi nan #SIRAPTEMTAP.
Mixtape ap kwit #BawYonGoute n′fòw enjoy #Freestyle101.
#MapFèwRegrèt lew mete sak gen plis style yo nan wonn.
M kanpe #DoNanMi m konn vye twèl ak bon ti retay.
Gen leson′d moral an gwo menm nan trak #2Tay.
Menm sim t kalkilatris sou mwen kèk moun pa tap konte.
Pou kantite men kanndan kounyam pa ka konte.
Monte level san beef, menm lonbraj mwen m' pat afwonte
M pat ka FON TE anplis m tap pran twòp tan sim tap rakonte.
#An rezime, m pote flow, yeah m pote rhymes.
An rezime, m pote skills, yeah m pote vibes.
An rezime, m pote gete, m panse poum panse tèt pete.
An rezime, speaker ak plafon m rap krèyol pete.




PIC - Lem Ap Ekri
Album Lem Ap Ekri
date de sortie
07-05-2016




Attention! N'hésitez pas à laisser des commentaires.