BélO - Banm nouvel ou текст песни

Текст песни Banm nouvel ou - BélO



Oh, oh, oh, oh
Oh, oh, oh, oh
Ban m nouvèl ou
M ta renmen gen nouvèl ou
Tanpri, m jwenn nouvèl ou
Ban m nouvèl ou
M ta renmen gen nouvèl ou
Tanpri, m jwenn nouvèl ou
Ou ret konsa, ou disparèt nan vi m
Bagay sa toumante lespri m
Ou pa rele, ou pa menm ekri m
Pa di lanmou w gen tan ènmi m
Chache nouvèl ou, m rele tout zanmi w
M frite douvan pòt tout fanmi w
Mwen vle reprann plas mwen nan vi w
Oh, non! Mwen pa vle pèdi w
Gras, oh! M ap mande w gras, oh
Mwen sèmante, m pito ranpe
Men mwen p ap janmè kite w ale
Ban m nouvèl ou
M ta renmen gen nouvèl ou
Tanpri, m jwenn nouvèl ou
Ban m nouvèl ou
M ta renmen gen nouvèl ou
Tanpri, m jwenn nouvèl ou
Plizyè semèn gen tan pase
Mwen pa tande w, kote ou ye
Pa di m lanmou w gentan fane
Menm si chimen n pa ka kwaze
Yon mezantant nou fache
S'on move pant, jodi a, m ye
Maltèt chagren ak kase
Si w pa pase, m ap trepase
Gras, oh! M ap mande w gras, oh
Mwen sèmante, m pito ranpe
Non, Mwen p ap kite w
Ban m nouvèl ou (oh, oh, oh, oh)
M ta renmen gen nouvèl ou (oh, oh, oh, oh)
Tanpri, m jwenn nouvèl ou
Ban m nouvèl ou (oh, oh, oh, oh, oh)
M ta renmen gen nouvèl ou (oh, oh, oh, oh)
Tanpri, m jwenn nouvèl ou
Pa bliye ou se fanm lavi m, manman m
Vye m, trezò mwen
Pèsonn pa ka ranplase w
Ou k sèl mètrès mwen wonfò mwen
Wanganègès mwen
Sèt kout bagèt mwen
Lwa ki nan tèt mwen
Tanpri, tounen
Ban m, Ban m, Ban m
Wè-è-è! (Oh, oh, oh, oh, oh)
W ale (Oh, oh, oh, oh, oh)
Bebe (oh, oh, oh, oh, oh)
Se nan Ginen w te ye
Se nan Ginen w te ye
Se nan Ginen w te ye
M ap chèche w, mwen pa twouve w
Se nan Ginen w te ye
Se nan Ginen w te ye
Se nan Ginen w te ye
M ap chèche w, mwen pa twouve w
Ban m nouvèl ou
M ta renmen gen nouvèl ou
Tanpri, m jwenn nouvèl ou
Ban m nouvèl ou
M ta renmen gen nouvèl ou
Tanpri, m jwenn nouvèl ou
(Ban m nouvèl ou) bebe
(Oh, oh, oh, oh, oh) oh non
(Oh, oh, oh, oh, oh)
(Oh, oh, oh, oh)
Ban m nouvèl ou
(Oh, oh, oh, oh, oh, oh, oh, oh, oh, oh)



Авторы: Jean Belony Murat


BélO - Banm Nouvel Ou
Альбом Banm Nouvel Ou
дата релиза
13-03-2013


Еще альбомы
Исполнитель BélO, альбом Dizan
2016
Исполнитель BélO, альбом Vakans sa
2016
Исполнитель BélO, альбом Ti Jean
2010
Исполнитель BélO, альбом The Truth
2006
все альбомы


Внимание! Не стесняйтесь оставлять отзывы.