BélO - Pwofesè yo Lyrics

Lyrics Pwofesè yo - BélO



Ou kenbe men m pou moutre m ekri
m t ap grandi kou ti bwa kwochi
Ou envesti tan w pou bati m, kondui m
Fòme lespri m, ou beni lavi m
Ou edike m, ou gide m chak pa
Reyon limyè m, ou kwape fènwa
Ou prepare m, ou ban m yon avni
m reflechi, sa w bay p ap gen pri
Pa yon fwa m sonje m te di w mèsi jan m ta dwe a
Malgre (se yo, se yo)
Pwofesè nou yo (se yo, se yo)
Se yo ki ban nou lanmou
Toupatou, chak jou, se yo
Mèt lekòl (se yo, se yo)
Matmwazèl yo (se yo, se yo)
Se yo ki ban nou lanmou
lavi nou, se yo
Fe klas matènèl jouk nan tèminal
Inivèsite pou rive nan zetwal
Chak mo w di, yo make, yo tanpe m
Enspire m, m tonbe, yo leve m
Mèsi pou leson ou te konn ban m
Ou te chanje vizyon m
w te konn kenbe gidon mwen
Pou tout sa, m ap di w mèsi jodi a jan m ta dwe a
Eske se yo (se yo, se yo)
Pwofesè yo (se yo, se yo)
Se yo ki ban nou lanmou
Toupatou, chak jou, se yo
Se yo, se yo
Pwofesè yo (se yo, se yo)
Se yo ki ban nou lanmou
lavi nou, se yo
Se yo (yon mizik p ap ase pou m ba w respè)
Se yo (salè a pa ase pou efò w fè)
Se yo (al'on metye rèd an Ayiti, se pwofesè)
Se yo (ou pa janm dekouraje)
Se yo, se yo
Se yo, se yo
Se yo ki ban nou lanmou
Toupatou, chak jou, se yo
Se yo, se yo
Se yo, se yo
Se yo ki ban nou lanmou
lavi nou, se yo
Se yo ki ban nou lanmou
lavi nou, se yo



Writer(s): Jean Belony Murat, Jean Winer Pascal


BélO - Motivasyon
Album Motivasyon
date of release
10-07-2019




Attention! Feel free to leave feedback.