Djakout Mizik - Premye lo Lyrics

Lyrics Premye lo - Djakout Mizik



Yo toujou di nanpwen lanmou a blese
ou pran kou rekonfo, se sa selman wap chèche
Se sa ki nan mitan kèm mwen mete on baryè
Avek fraka ou kraze ou sa.
Je suis amoureux encore une fois aaa
Ou fèm bliye e tout vye moman
Ou fèm bliye, ou efase tout vye panse
Yo toujou di lew fek renmen fo w pa lague
Tout konfyans ou nan sa yo diw, saw ta renmen tande
Yo pa konprann sinserite ki te kache
ou gadem, ou pale
Je suis amoureux encore une fois aaa
Ou fèm bliye e tout vye moman
Ou fèm bliye, ou efase tout vye panse
Tankou w bebe yo interdi touche sak fèl plezi
Curiozite fem anvi si gen dange ma kwè aprè
Kèm nan mitan vag lanmou lap neye
Sa pa fèm pè, li pa bezwen sekou ouuuu
Non mwen pa bezwen
Mwen menm avek lanmou nou rekonsilye
Map priye Bondye pou nou pa janm fache
Chak fwa mwen gade w,
Se kom si mwen jwe loto epi mwen premye lo
Chak fwa ou gade m, mwen santi m son prizyone
Pou ou yo fèk liberem
Ou diferan, ou pa tretem menm jan
A sa ki pa konprann kisak rele renmen
Ou diferan, m santim on lot jan
M santim en sekurite
Chak fwa mwen gade w,
Se tankou mwen jwe loto epi mwen premye lo
Chak fwa ou gade m, mwen santi m son prizyone
Pou ou yo fèk liberem




Djakout Mizik - Pwofite
Album Pwofite
date of release
20-07-2011




Attention! Feel free to leave feedback.