Fantom - Lèzòm Fòkè Lyrics

Lyrics Lèzòm Fòkè - Fantom



Ou pa renmen l vre
Lesten...
An! Dim konbyen moun kounye'a ou konnen kap bay vi l' pou yon lòt
E konbyen moun kap aksete soufri grangou pou yon lòt
Konbyen Ayisyen k' pa vle pati, k' vle ret patriyòt
E di konbyen nèg ki gen madanm ki pa janm ba li matlòt
M' vle ou dim, dim si lèzòm pa fòkè
Aprè 12 Janvye si Ayisyen t'ap viv an frè
Yon moman yo anfle, yo vle touye pròch la
Si ou konnen ou pa peche voye premye ròch la
Si viv pou ou se manje diri ak pwa
Dòmi vant plen leve demen san ou pa gen espwa
An! Ou paka vle pou prochen'w lan viv konsa
Pandye de men l' lari a ap mande moun dola
Ou bay moun responsab sòw
Pandan se ou'k mèt desten'w
Repoze espwa'w sou moun paske'w pa kwè nan demen'w
Depi'w razè se premye obstak ke ou kwaze sou chimen'w
Di pouka bliye problèm solisyon an se fimen'w
Prosede pa ouvè ankò
Yo rezon pòv tounen
Goumen pa alamòd
Se katouch ki fè'w koulè blòd
Jèn fanm pa bay tan pou koze
Se Spageti ak ji
Paske mizè a ap ogmante
Lavi a vin pi di
Jèn gason k' pa gen pasyans nan kidnaping genyen k' fronte
Boss la pou l' ta ba'w yon djòb fòk se moun pa l' oubyen l' fronte 'w
Kolè Bondye pa n pè, èske'n pa trouve'n fòkè
N'atake menm la nati paske'n panse'n se mèt latè
Kè[...]
Kilè nap sispann jwe ak defye pouvwa Bondye
Nou bliye ke se li'k te jere'n
Nou bliye ke se li'k jere'n
Pouki lòm ap lòm soufri paske yo se doktè
Yo di yo se Bondye... Kad'jan lèzòm fòkè, lèzòm fòkè
Gen peyi k'la pou lagè
Gen peyi k' la pou la
Gen prezidan ki vle ede
Genyen tou ki eksplwate
Konba pou zam nikleyè
Petròl pou kontrol latè
Toupizi sak' pi piti gad'kijan lèzòm fòkè
Tout kote ka anrichi yo, yo met anpriz sou li
Kreye troub nan lòt peyi yo pou kwè yo se Jezi
Menm konnen gon dènye jou sa yo tout ap sezi
Kite lèzòm ouvè yo Bondye se dènye mezi
Lèzòm sal vle, jan l vle, l vle, kote l vle
Di sa l vle, gen dwa sa l vle, pran pròz save, yo se san zave
Yo tèlman fou, yo lajan tounen Bondye
Kite yo an! M' konnen gen yon jijman dènye
Kou nan do yo toujou bay
Nèg nèg tounen kobay
Yo menm trible pwòp lonbray yo
Yo met divizyon anndan kay yo
Vann nanm kay Djab pou gen kòb
Moun ki kalifye ...yo pa bay djòb
Kou pitit, papa pa gen lòd
Rich pa pran pa avè pòv
Frè ap vyole
Polis kou bandi jwe wòl toutè
Kounye a ti rouj se kidnapè
Ti nèg nwè rejwenn respè
Legliz vin tounen biznis
Pastè ap travay pou l' rich
Ougan tounen gro blofè
Frijidè vin pran plas tout krich
Depi lontan nap vyole lwa
Nou te touye Jezi Kri
M' konnen n'ap vle klourem sou kwa
Sa pap anpeche di plis
Dim kilè nap konprann ke se nou ki lokoz tout kriz
M' konn parwòl mwen, pral tout sa'k pa dwat yo friz
Kè[...]
Kilè nap sispann jwe ak defye pouvwa Bondye
Nou bliye ke se li'k te jere'n
Nou bliye ke se li'k jere'n
Pouki lòm ap lòm soufri paske yo se doktè
Yo di yo se Bondye... Kad'jan lèzòm fòkè, lèzòm fòkè
...
Yeah! Ou menm kap tande mizik sa,
M' vle ou poze tèt ou kesyon si ou pa janm ankenn bagay fòkè nan
Vi w. Mwen menm m' anpil. Nèg pa vle nèg.
Nèg pa vle byen pou nèg. Nèg pa vle nèg avanse.
Li pap yon pa ou pa dwe yon pa tou.
Ou dwe ret la menm kote avè l.
Ap rive yon epòk pandanw'ap manje lakay ou se an kachèt w'ap
Oblije l paske vwazinaj la ka vin pran l' osinon l' vin
Pran ou, l'ap pouse grif... lèzòm fòkè, epi m'ale... lèzòm fòkè




Fantom - Salute Vol.1
Album Salute Vol.1
date of release
15-04-2013




Attention! Feel free to leave feedback.