Harmonik - Brase Lide Lyrics

Lyrics Brase Lide - Harmonik



Ann brase lide
E se yon model kap tou lanse
Daprè sa'n obsève
Lavi gen lwa'l fò'n respekte
Linivè kap ba ou saw mande
Lèw santiw toumante
Ew ta vle sitiyasyon'w chanje
Fok ou ka presize
Fo'w sede de sa wap tande
Wa mande mande byen
Demen pou'w pa regrete
Ah ah, alo mouskino ou te pale yo
Sandoudou, nap aji sou yo
En hen
Men sak Harmonik la
Bon lemonnantye fanatik ofisyèl Harmonik edem chante.
Fow konn saw bezwen avan wale chèche
E, ou ka jwenn saw reve epi ou regrete
Fò'w konn saw mande,
Avan'w kouri pale e, si priyè ou monte pouw pa tonbe babye e.
Oh, ou mande pou yon billionè viv tankou warren buffet,
Men fo'w konnen se pa lajan sèlman ki bonè
Yo fo'w gen lajwa nan
Viv ak yon konsyans ki anpè
Reflechi gade byen wa sa ki nesesè.
Fow konn saw bezwen avan wale chèche
E, ou ka jwenn saw reve epi ou regrete
Fò'w konn saw mande,
Avan'w kouri pale e, si priyè ou monte pouw pa tonbe babye e.
Ay, ou mande pouw gon bèl fanm
Ki fèw tranble jus nan nanm
Sak di ou fanm sa se pa li ki brulew san flanm
Li ka baw satisfaksyon menm fèw pèdi la rezon
Men'l ka vin ak konplikasyon avèk anpil presyon
Fow konn saw bezwen avan wale chèche
E, ou ka jwenn saw reve epi ou regrete
Fò'w konn saw mande,
Avan'w kouri pale e, si priyè ou monte pouw pa tonbe babye e.
Alo ayiti la passe à droite pour Nicky.
A baz kore, nan kan tou dwat.
Maestro, refèl anko pou yo, yon lòt goal ankò. Anmwey!
Atakan jilèt
Oh oh, sesaw te mande,
Jan chèche jan twouve
Pou janw te mande, mandew mande ee
Sesaw te mande jan chèche, jan twouve sesaw te mande.
Ou gen lajan kounya ou chaje rayiman
Yon ti boubout ki te konn tout tchèw vibre.
Apron titanw bay defo fow ta ranplase'
Bouch ki di viv pa bliye li'k pral diw aba oh.
Sesaw te mande ou jwenn.



Writer(s): Dener Ceide, Nickenson Prudhomme


Harmonik - Let's Go!
Album Let's Go!
date of release
10-05-2011




Attention! Feel free to leave feedback.