Harmonik - Obsede Lyrics

Lyrics Obsede - Harmonik



Dlo nan je m p ap sispann koule
Sou vye bout papye ke m ape konpoze
Sou lorizon m a mete w kouche
Desine w ak yon koulè k pa egziste
'Parmi les saints' m a va ekspoze w
Pou yo sa ajenou nan pye w
Pou yo konnen kiyès ou ye
Ou se pi bèl not m ap chante
Ou se tout mwen m ap monte
Mwen montre jan mwen devwe
Pou mwen, ou pa konn sa w ye
E tèlman sa mwen mal
M a pote tout rivyè, tout lanmè
Pou w jan m obsede
Pou mwen, ou pa konn sa w ye
E tèlman sa mwen mal
Sou yon gita dezakode
M pral montre w ki jan mwen tonbe
Mwen e m pa t vle di ou
Lanmou mwen gen nan mwen ka blese mwen pi fon de jou an jou
Mwen pa vle ofanse ou
Bèl ti pawòl e powèm, ni dezi mwen genyen andedan mwen
Pou mwen, ou pa konn sa w ye
E tèlman sa mwen mal
M pral apante tout rivyè, ni lanmè
Pou w jan m obsede
Pou mwen, ou pa konn sa w ye
E tèlman sa mwen mal
Sou yon gita dezakode
M pral montre w, oh-oh-oh
Harmonik
This obsesion is my confession
I found love through your eyes
Pou mwen, ou pa konn sa w ye
Ni ou p ap janm konnen m obsede
This obsesion is my confession
I found love through your eyes
M a ekri w powèm ki alanvè
Invante 'des mots' ki devan dèyè
This obsesion is my confession
I found love through your eyes
Pou mwen, ou pa jan konn sa w ye
Ni ou p ap janm konnen m obsede
Mwen ekri powèm ki alanvè
Invante 'des mots' ki devan dèyè
M ka di w lanmou m nan yon lòt verite
Tèlman m obsede
Dlo nan je m ap fe rigòl sou manton m
m ap febli ak tout vye rezon
Nan zye w genyen yon labirent
m antre, mwen pa janm ka soti
This obsesion is my confession
I found love through your eyes
This obsesion is my confession
I found love through your eyes



Writer(s): Nickenson Prudhomme


Harmonik - Jere'M
Album Jere'M
date of release
24-01-2010




Attention! Feel free to leave feedback.