P-Jay feat. Flav - Renmen Moun Ki Renmenw Lyrics

Lyrics Renmen Moun Ki Renmenw - P-Jay feat. Flav



Flav
Yeah man
P-Jay boy
Yeah yeah yeah yeah yeah
Dèfwa'w konn gen, gen yon moun nan viw
Ou rive bal tout saw posede
Ou menm ba li saw pa posede yeah yeah Li rive maltrete'w
Gen youn nan viw wi ou renmen li
E Li menm tou te vle sa ou vle
Pandan setan ou tape maltrete'l
Yeah yeah renmen moun ki renmen'w
Nwit pa li blanch tankou se krè
Regrèl rete pi gwo sekrè
Melodi kòl toujou solo
Tristès pou li se yon refren en en
Malgre'l blese'l poko refè
Se menm pwomès yok vin san sès
Se lekontrè ki toujou refèt li w mal
Mka imajine janw feel ou pa bezwen dil
Yon moun ki renmenw nan nivo pou
Ou li prè poul sakrifye vil Yeah yeah
Li kenbe menm li dim pale avèl
Li kenbe menm li dim pale avèl
Trop d'écart, regard n pa kwaze wa di se de vwa ki paralèl
Tan tap kouri kon tren
Tout efòl yo fèt anven
Lèm resi te deside vinn kenbe menl li
Twò ta li te gentan nan men yon lòt ki pwouvel renmen'l pase'm
Dèfwa'w konn gen, gen yon moun nan viw
Ou rive bal tout saw posede
Men moun sila lapé maltrete'w eh eh eh
Renmen moun ki renmen'w
Gen youn nan viw, wi ou renmen'l tou
Eli vle baw sal pat posede Pandan setan wapé maltrete'l eh eh eh
Renmen moun ki renmen'w
Se tankou pa gen remèd pou stop frison'm
M santim pa byen wa dim anprizone nan pwòp prizon'm
E d'un coup mpaka tande nenpòt ki song
Souvni'w pèsekite'm blese'm kitem nan on lòt ti zòn
Men kounya hey baby se mwen ki pa ka dòmi
Regrè vinn sekrè'm remò pèse kèm tristès se refren'm
Hey chagren vlope'm tankou momi
What comes around comes around se sa yo di baby
Te ofrim kèw erè mfè mpat kenbel la
Mank dafeksyon fèw santim t'absan wi menm mte la
Ey menm lèm te la
Lanmou kem tap tante la
Kounya'w pa la bonheur mwen baby wi li trè lwen de la
Pouki nou toujou ap sa ki renmen nan soufri soufri soufri
Aprè yo brize nou nap mande pouki
Renmen sak renmenw lan
Dèfwa'w konn gen, gen yon moun nan viw
Ou rive bal tout saw posede
Men moun sila lapé maltrete'w eh eh eh
Renmen moun ki renmen'w
Gen youn nan viw, wi ou renmen'l tou
Eli vle baw sal pat posede yeah Pandan setan wape maltrete'l eh eh eh
Renmen moun ki renmen w
Eh eh eh Wa renmen moun ki renmen'w



Writer(s): Atlet St Fleur, James Jn Gerard Lamothe


P-Jay feat. Flav - Renesans
Album Renesans
date of release
24-06-2019



Attention! Feel free to leave feedback.