Emeline Michel - Pran Men M paroles de chanson

paroles de chanson Pran Men M - Emeline Michel



Men'm si laj mwen janbe kalandriye
mwen mwen pap jan'm bliye
Mwen s'on vølkan k'pral reveye
zèl ou rive touche syèl mwen
Vini
Ou konnen pran ou renmen bay
Nou de se byen jwenn byen kontre
Ou s'on degouden
M'son senkant køb
Pèsonn pa gen pou bay monnen
Ouvri pøt bay lanmou rantre
Vinn pale'm de sa w'ap reve
Pa bloke sou sa'k te rive'w
S'on løt chapit n'ap kømanse
Pran men'm
Mwen prale renmen'w
Pran chans ou parye sou mwen
Ou se projè'm ou se plan'm
M'pa prese m'ap pran tan'm
Cheri vini
Pran men'm
Avanse pa kraponnen
Pran yon chans parye sou mwen
Pa kanpe an'n al pi lwen
Pou ou mwen prale dedouble
Yon fan'm fatal
Yon fan'm total
Nan tout klas ou m'ap redouble
Avè'w ou m'ap yon pwen final
Pran men'm
Mwen prale renmen'w
Pran chans ou parye sou mwen
Ou se projè'm
Ou se plan'm
Mwen pa prese
M'ap pran tan'm
Cheri vini
Pran men'm
Avanse pa kraponnen
Pran chans ou parye sou mwen
Pa kanpe
An'n al pi lwen
Ou ka lage kø'w nan pla men'm
Ak tout makout tout istwa'w
Pa kamoufle
Pa degize
Ou mèt vini jan ou ye
Si'w te konnen jan mwen pare
A de pou n'al eksplore
Tout ti chimen lanmou ofriiii
Cheri pran men'm
Mwen prale renmen'w
Pran chans ou parye sou mwen
Ou se projè'm
Ou se plan'm
Mwen pap prese
M'ap pran tan'm
Ou ouuuu
Cheri vini
Pran men'm
Avanse pa kraponnen
Pran yon chans
Parye sou mwen
Pa kanpe an'n al pi lwen
Hummm
M'pap prese
M'ap pran tan'n
Avanseee
Vini pi pre'm
Vini pran men mwen
Hmm
M'pap prese
M'ap pran tan'm
Mwen prale renmen'w
Mwen praleeeee
Renmen'wwww
Ouuuuuuuuu



Writer(s): Emeline Michel


Emeline Michel - Quintessence
Album Quintessence
date de sortie
14-02-2013




Attention! N'hésitez pas à laisser des commentaires.